Ki jan m ka pale ak paran m?
CHAPIT 1
Ki jan m ka pale ak paran m?
“Mwen te fè tout sa m kapab pou m di paran m ki jan m santi m, men mwen pa t rive jwenn mo pou m esplike yo sa, e yo te koupe m lapawòl. M te fè anpil efò pou m met kouraj sou mwen pou m pale epoutan sa te vrèman mal pase.” — Rosa.
LÈ W te pi piti, siman se kot paran w ou te konn kouri ale lè w gen yon pwoblèm. Ou te konn di yo tout bagay. Ou te alèz pou w di yo sa w panse, jan w santi w e w te fè yo konfyans.
Men, kounye a gen bagay ou di paran w men w santi yo pa konprann ou ankò. Men sa yon jèn fi ki rele Edie fè konnen: “Yon jou swa pandan nou t ap manje, m te kòmanse kriye e m te kòmanse di tout sa m santi. Se vre, yo te tande m, men mwen pa t santi yo te konprann mwen.” Ki efè sa te gen
sou Edie? Li di: “M te annik al nan chanm mwen epi m te kriye plis toujou!”Yon lòt bò, pafwa ou ta pito pa di paran w anyen. Gen yon jèn gason ki rele Christopher ki di: “Mwen pale ak paran m sou plizyè bagay, men pafwa m pa vle yo konnen tout sa k nan panse m.”
Èske sa mal pou w pa vle di paran w tout sa w panse? Pa vrèman, depi se pa twonpe ou vle twonpe yo (Pwovèb 3:32). Men, kit paran w konprann ou kit yo pa konprann ou, kit ou vle di yo tout bagay kit ou pa vle di yo tout bagay, gen yon bagay pou w konnen: Ou dwe pale ak paran w e yo dwe konnen jan w santi w ak sa k nan lespri w.
Pa bay vag!
Imajine w ap kondui yon machin epi w rive nan yon wout ki bloke, ki sa w ap fè? Èske w ap bay vag? Non, w ap pase nan yon lòt wout. Ebyen, se menm bagay la lè w ap pale ak paran w. Ann pran de egzanp.
1YE DIFIKILTE Ou bezwen pale ak paran w men sanble yo pa sou koute w. Men sa yon jèn fi ki rele Leah di: “Li difisil pou m pale ak papa m. Pafwa, mwen kòmanse pale avè l, epi apre yon ti tan li di m: ‘Eskize, se avè m w ap pale?’”
KESYON: Ki sa Leah ta dwe fè si l vrèman bezwen pale de yon pwoblèm? Li gen omwen twa opsyon.
Opsyon A
Rele sou papa l. Leah ka di byen fò: “M ap di w yon bagay enpòtan konsa epi w pa vle koute!”
Opsyon B
Pa pale ak papa l ankò. Leah ka annik bay vag, e li sispann pale ak papa l konsènan pwoblèm li an.
Opsyon C
Ret tann yon pi bon moman pou l pale ak papa l ankò. Leah ka tann pita pou l pale ak papa l fasafas, oswa li ka ekri l yon lèt pou l pale de pwoblèm li genyen an.
Ki opsyon ou menm ou panse Leah ta dwe pran? ․․․․․
Ann egzamine opsyon yo pou n wè ki rezilta yo chak ap bay.
Papa Leah distrè, sa ki fè li pa rann li kont Leah gen yon pwoblèm. Donk, si Leah chwazi opsyon A, papa l te ka pa konprann rezon ki fè l ap rele sou li a. Petèt, opsyon sa a pa t ap fè papa a anvi tande Leah, e Leah pa t ap demontre li gen respè pou papa l e li onore l (Efezyen 6:2). Li klè, opsyon sa a pa t ap bon pou pèsonn.
Se vre opsyon B a te ka sanble opsyon ki pi fasil la, men se pa li ki pi bon. Sa k fè sa? Paske “kote ki pa gen dyalòg, okenn plan pap mache”. Pwovèb 15:22.) Leah ap bezwen pale ak papa l pou l ka rive byen fè fas ak pwoblèm li yo. E papa l bezwen konnen ki sa k ap pase nan lavi l yon fason pou l ka ede l. Donk, pa pale pap itil yo anyen.
(Men, si Leah chwazi opsyon C a, li pap kite sitiyasyon sa a anpeche l fè efò pou l pale ak papa l. Okontrè, l ap fè efò pou l pale ak papa l sou sijè a nan yon lòt moman. E si se ekri li chwazi ekri papa l, li ka santi l pi byen menm kote a. Epitou, lefètke se ekri Leah ap ekri, sa ka fè l jwenn mo egzak li bezwen pou l di sa l vle a. Lè papa Leah ap li lèt la, l ap vin konnen sa Leah t ap eseye di l la, sa k ap fè li pi byen konprann sa k ap trakase Leah. Kidonk, opsyon C a ap bon ni pou Leah ni pou papa l.
Ki lòt opsyon Leah te ka genyen? Gade si w ka jwenn youn, epi ekri l nan espas ki pi ba a. Ekri rezilta opsyon sa a te ka bay.
․․․․․
2YÈM DIFIKILTE Paran w vle pale avè w men w pa twò sou sa. Men sa yon jèn ki rele Sarah di: “Sa k pi raz la se lè w fin pase yon vye jounen lekòl epi rive w rive lakay y ap poze w yon pakèt kesyon. Tout sa m vle se bliye sa k te pase lekòl la, poutan paran m kòmanse mande: ‘Kòman jounen an te ye?
Ou pa t gen pwoblèm?’” Se vre, paran Sarah te ka poze kesyon sa yo ak tout bon entansyon yo, men, sa pa anpeche Sarah plenyen: “M pa renmen pale de lekòl lè m fatige e lè m strese.”KESYON: Ki sa Sarah ka fè nan sitiyasyon sa a? Menm jan nou te wè nan egzanp anvan an, li gen omwen twa opsyon.
Opsyon A
Pa vle pale. Sarah di: “Tanpri, ann kite sa. M pa sou pale kounye a!”
Opsyon B
Pale. Sarah pa anvi pale paske l strese, men li fòse reponn yo kanmenm.
Opsyon C
Pa pale sou sa k te pase lekòl la kounye a, men kontinye pale sou yon lòt bagay. Sarah mande si li ka pale sou sa k te pase lekòl la lè l santi lespri l pi dispoze. Apre sa, pou l montre paran l yo jan li enterese nan yo, li di: “E nou menm, kòman sa te ye? Jounen nou te anfòm?”
Dapre ou menm, ki opsyon Sarah dwe chwazi? ․․․․․
Ann egzamine opsyon yo pou n wè ki rezilta yo chak ap bay.
Sarah strese e li pa anvi pale. Si l chwazi opsyon A a, sa pa t ap fè l pa strese ankò. Mete sou sa, li t ap santi l koupab paske l te fè kòlè sou paran l. — Pwovèb 29:11.
Konsa tou, paran Sarah pa t ap kontan li fè kòlè sou yo nitou pou l ta rete san l pa di anyen apre sa. Yo ta ka sispèk Sarah ap kache yo kèk bagay. Kounye a yo te ka menm ap fòse l pale, sa ki te ka fè l pi fache toujou. Donk, opsyon sa a pa t ap bon pou pèsonn.
Li klè, opsyon B a pi bon pase opsyon A a. Omwen, opsyon sa a pèmèt Sarah ak paran l pale. Men, kòm ni Sarah ni paran l pa t di sa yo panse toutbon, youn pa jwenn sa yo te vle a, anpalan de yon konvèsasyon ki rilaks kote tout moun ap di sa yo panse.
Men, avèk opsyon C a, Sarah ap santi l pi byen paske pou kounye a li pa pale sou sa k te pase lekòl la. Paran l ap kontan tou paske yo wè Sarah ap fè efò pou l pale avè yo. Opsyon sa a sanble gen plis chans pou l mache paske ni Sarah ni paran l ap suiv prensip ki nan Filipyen 2:4 la ki di: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.”
Fè efò pou yo pa mal konprann ou
Sonje sa, sa w di ak sa paran w konprann ou di ka pa toujou menm bagay. Pa egzanp, paran w remake ou pa twò sou san w, e yo mande w sa w genyen. Ou reponn: “M pa gen anyen.” Men, paran w ka konprann ou vle di: “M pa fè nou konfyans ase pou m pale avèk nou sou pwoblèm mwen, m prefere pale ak zanmi m sou sa.” Mete repons pa w nan espas vid ki pi ba a, toutpandan w ap imajine w k ap rankontre yon pwoblèm ki difisil e paran w vle ede w.
Si w di: “Pa enkyete nou. M ka jere sa.”
Paran w ka konprann ou vle di: ․․․․․
Yon pi bon repons ou te ka bay se: ․․․․․
Ki sa k pi enpòtan pou w sonje? Ou bezwen byen chwazi mo w ap itilize. Pale avèk yo sou yon ton ki montre w respekte yo (Kolosyen 4:6). Sonje paran w pa ènmi w. Yo avè w. An reyalite, lè w gen plis moun avè w ou ka pi byen fè fas ak difikilte w jwenn pase si w te poukò w.
Bon, e si w pa gen pwoblèm pou w pale ak paran w men w santi chak fwa nou pale nou fè diskisyon?
VÈSÈ KLE
“M pral di tou sa ki nan kè m.” — Jòb 33:3, Bib la.
MEN YON IDE
Si w twouve l difisil pou w chita pale ak paran w sou yon pwoblèm ou genyen, eseye pale avè yo yon lòt lè, tankou lè n ap mache, lè n nan machin oubyen lè n soti pou n al achte.
ÈSKE W TE KONNEN?
Menm jan w ka twouve l difisil pou w pale ak paran w sou yon seri sijè ki serye, yo menm tou yo ka pa santi yo alèz oswa kalifye pou yo pale avè w sou menm sijè sa yo.
SA M KONTE FÈ
Men sa m ap fè pwochèn fwa mwen pa sou pale ak paran m․․․․․
Men sa m ap fè si paran m ap ensiste pou m pale sou yon sijè mwen pa anvi pale ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Èske li enpòtan pou w chwazi moman pou w pale? — Pwovèb 25:11.
● Poukisa w ka di se pa tan w ap pèdi lè w pale ak paran w? — Jòb 12:12.
[Antrefilè nan paj 10]
“Kominike ak paran w pa toujou fasil, men lè w ouvri kè w ba yo, w ap santi se tankou yon pwa lou ki sot sou do w.” — Devenye.
[Foto nan paj 8]
Menm jan w pap kite yon wout ki bloke anpeche w ale kote w vle a, se konsa tou ou pap kite obstak anpeche w pale ak paran w.