Ki jan m ka rive viv ak lapenn mwen genyen an?
MEN sa Mike di kèk tan apre lanmò papa l: “Mwen te santi m oblije kache lapenn mwen te genyen.” Mike te panse gason pa dwe montre yo gen lapenn. Sepandan, pi devan, li te rann li kont sa l te panse a se pa t sa. Donk, lè yon zanmi l te pèdi granpè l, li te konnen sa pou l fè. Li di: “Si sa te rive kèk ane anvan sa, mwen t ap bat do l e m t ap di l: ‘Met gason sou ou.’ Kounye a, mwen met men m sou bra l epi mwen di l: ‘Pa kache sa w santi. Sa ap soulaje w. Si w vle m ale, mwen prale. Si w vle m rete, m ap rete. Men, ou pa bezwen pè vide sa k nan kè w.’”
MaryAnne te gen mari l ki mouri, lè sa a li te santi l oblije kache lapenn li te genyen tou. Men sa l di: “Tèlman m te vle bay lòt moun bon egzanp, mwen pa t kite santiman nòmal mwen ta dwe genyen yo parèt. Men, finalman mwen te rann mwen kont nan chèche montre lòt moun mwen se yon moun ki djanm mwen pa t ede tèt mwen. Mwen te analize sitiyasyon an e mwen te di tèt mwen ‘si w santi w anvi kriye, kriye. Pa chèche montre w twò fèm. Pa kache lapenn ou genyen si w vle jwenn soulajman.’”
Konsa, men konsèy ni Mike ni MaryAnne bay: Pa kache lapenn ou! E yo gen rezon. Poukisa? Paske li nesesè pou w demontre lapenn ou genyen pou w ka jwenn soulajman. Lè w demontre sa w santi, sa ka retire strès ou genyen. Si w byen konprann sa k pase a e si w gen bonjan enfòmasyon, lè w kite santiman natirèl ou genyen yo parèt, sa ap ede w retounen nan nòmal ou.
Natirèlman, tout moun pa montre lapenn yo menm jan. Epitou, jan moun nan mouri a, pa egzanp, si moun nan mouri sibit oubyen si l mouri apre l te fin pase yon bon tan malad, sa ka gen efè sou fason moun pa l yo ap reyaji. Men gen yon bagay ki sèten: si w kache lapenn ou genyen, sa ka mal pou ou ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif. Li pi bon lontan pou w montre lapenn ou genyen. Ki jan w ka fè sa? Labib gen bonjan konsèy ki ka ede w.
Ki jan m ka montre lapenn mwen genyen?
Lè w pale, sa ka ede w. Lè toule dis pitit Jòb yo te mouri, san konte lòt malè ki te rive l, li te di: “Mwen rayi lavi m. Mwen pral pale sa k fè m mal. Mwen pral pale paske m nan gwo soufrans!” (Jòb 1:2, 18, 19; 10:1). Jòb pa t ka kenbe ankò. Li te bezwen vide kè l; li te bezwen “pale”. Sa ann amoni ak yon pwovèb ki di: “Si m pa pale m a toufe.”
Konsa, lè w pale sou sa w santi ak “yon bon zanmi” k ap pran tan pou l koute w e k ap aji yon fason ki montre li konprann ou, sa kapab soulaje w (Pwovèb 17:17). Byen souvan, lè w pale de sa w viv ak sa w santi, li pi fasil pou w konprann sa w viv ak sa w santi e pou w fè fas ak bagay sa yo. Mete sou sa, si moun k ap koute w la se yon moun ki te pèdi yon moun pa l tou e ki te rive fè fas ak sitiyasyon sa a kòrèkteman, l ap pi fasil pou l ba w kèk konsèy k ap itil ou sou fason pou w byen sipòte lapenn ou genyen an. Gen yon manman ki te pèdi pitit li ki te pale ak yon lòt dam ki te pèdi pitit li tou, e sa te ede l. Men sa l di: “Lefètke m te konnen se yon moun ki te viv menm bagay la, epi li soti nan sitiyasyon sa a san gwo pwoblèm, e lefètke m te konnen li kontinye viv e li menm rekòmanse viv yon fason ki nòmal, sa te ban m anpil fòs.”
Bon, e si w pa alèz pou w pale sou sa w santi? Lè Sayil ak Jonatan te mouri, David te montre lapenn li genyen nan yon chante li te konpoze. Finalman, yo te mete chante sa a nan Dezyèm liv Samyèl la, yon liv ki nan Bib la (2 Samyèl 1:17-27; 2 Kwonik 35:25). Konsa tou, gen kèk moun ki santi yo pi alèz pou yo ekri sa yo santi. Gen yon dam ki te gen mari l mouri ki di li te konn ekri sa l santi, epi apre plizyè jou li reli yo ankò. Li twouve sa te ede l jwenn bonjan soulajman.
Kit se pale w pale, kit se ekri w ekri, si w fè konnen sa w santi, sa ka ede w gen mwens lapenn. Yon lòt bagay ki ka ede w se lè w chèche eklèsi kèk pwen ou te mal konprann. Men sa yon manman ki te pèdi pitit li di: “Mwen menm ak mari m te konn tande gen moun ki divòse apre yo fin pèdi yon timoun, e nou pa t vle sa rive nou. Donk, chak fwa nou te santi nou fache, chak fwa youn te anvi repwoche lòt, nou te konn pale sou sa ansanm. Mwen panse nou te vrèman vin pi pwòch youn ak lòt lefètke nou te fè sa.” Konsa, lè w fè konnen sa w santi, sa ka ede w konprann se pa tout moun ki gen lapenn menm jan, menmsi se pou menm moun nan. Chak moun gen fason li demontre lapenn li, e chak moun pa pran menm kantite tan pou l retounen nan nòmal li.
Yon lòt bagay ki ka soulaje w se lè w kriye. Labib di gen yon “lè pou moun kriye”. (Eklezyas 3:1, 4.) Pa gen dout nan sa, lè yon moun pa w mouri, se lè pou w kriye a ki rive. Lè w kriye akoz lapenn ou genyen, sa ap vrèman ede w gen mwens lapenn.
Gen yon jèn fi ki esplike ki jan yon bon zanmi l te ede l lè manman l te mouri. Men sa l di: “Zanmi m nan te toujou la pou mwen. Li te konn kriye avè m. Li te konn pale avè m. Mwen te Women 12:15.) Ou pa ta dwe wont kriye nonplis. Jan nou te wè sa, nan Bib la, nou jwenn egzanp anpil gason ak anpil fi ki te gen lafwa ki pa t wont kriye lè yo te nan lapenn, e Jezi Kris se youn ladan yo. — Jenèz 50:3; 2 Samyèl 1:11, 12; Jan 11:33, 35.
vrèman santi m alèz pou m montre sa m santi lè m avè l, e sa te enpòtan pou mwen. Mwen pa t santi m jennen pou m kriye.” (GadePetèt ou ka twouve, pandan yon moman, ou pa ka kontwole tèt ou. Ou ka rete konsa dlo koule nan je w. Gen yon vèv ki te konn al nan makèt ak mari l byen souvan. Li te rann li kont lè l al achte nan makèt, sa te konn fè l kriye. Yon bagay ki te konn plis fè l kriye se lè li lonje men l, san l pa rann li kont, pou l pran yon bagay mari l te renmen. Se pou w pran pasyans ak tèt ou. Epi pa met nan tèt ou ou pa dwe kriye. Se pou w sonje kriye se yon bagay ki nòmal e ki nesesè pou yon moun ki nan lapenn.
E si m santi m koupab?
Jan nou te wè sa anvan, gen moun ki santi yo koupab lè yo gen moun pa yo ki mouri. Sa ka ede nou konprann gwo lapenn Jakòb, yon moun ki te fidèl, te genyen lè yo te fè l kwè “yon bèt sovaj ki mechan” te touye Jozèf, pitit li. Se Jakòb menm ki te voye Jozèf al wè si frè l yo anfòm. Donk, li pwobab pou Jakòb te santi l koupab, li dwe t ap mande tèt li: ‘Poukisa m te voye Jozèf poukont li? Poukisa m te voye l yon kote ki gen bèt sovaj?’ — Jenèz 37:33-35.
Petèt ou santi se paske gen bagay ou pa t fè ki fè moun pa w la mouri. Moun ki nan lapenn konn santi yo koupab, kit se vre kit se pa vre, e se yon reyaksyon ki nòmal. Lè w konprann sa, sa kapab ede w. Nan ka sa a tou, ou pa bezwen kache sa. Lè w pale sou jan w santi w koupab, sa ka soulaje w anpil, e ou bezwen sa.
Sepandan, nou bezwen konprann menmsi nou renmen yon moun anpil, nou pa ka gen kontwòl sou lavi l, ni nou pa ka anpeche “move moman ak malè rive sou” moun nou renmen yo (Eklezyas 9:11). Epi, se sèten ou pa t gen move entansyon. Pa egzanp, si w pa t mennen moun nan kay doktè lè pou w te mennen l lan, èske se vle ou te vle pou l vin malad e pou l mouri? Non! Donk, èske w vrèman koupab si l mouri? Non.
Gen yon manman ki te aprann kòman pou l sispann santi l koupab lè l te gen pitit fi l mouri nan yon aksidan machin. Men sa l di: “Mwen te santi m koupab poutèt mwen te voye l. Men mwen te vin rann mwen kont mwen pa t dwe santi m konsa. Mwen te voye l al fè yon komisyon ak papa l, e pa t gen anyen mal nan sa. Se te jis yon aksidan terib.”
Petèt ou ka di: ‘Gen anpil bagay mwen te dwe di l oubyen mwen te dwe fè pou li.’ Se vre. Men, kiyès nan nou ki ka di m se yon papa oubyen m se yon manman oubyen m se yon pitit ki pafè? Men sa Labib fè nou sonje: “Nou tout nou bite tanzantan. Si yon moun pa bite nan pawòl li, li se yon moun pafè ki kapab bride tout kò l tou.” (Jak 3:2; Women 5:12). Donk, nou dwe aksepte sa: nou pa pafè. Lè w ap plede di “si m te fè sesi” oubyen “si m te fè sela”, sa pap chanje anyen. Okontrè, sa ka fè w pran plis tan anvan w retounen nan nòmal ou ankò.
Si w gen bonjan rezon pou w kwè se ou menm vrèman ki responsab moun nan mouri, l ap bon pou w reflechi sou pi gwo bagay ki ka fè w sispann santi w koupab: padon Bondye bay. Men ki asirans Labib ban nou: “O Ja, si se erè ou t ap gade, kiyès ki t ap ka kanpe devan w, o Jewova? Paske, ou menm, ou padone moun toutbon.” (Sòm 130:3, 4). Ou pa ka tounen dèyè pou w chanje anyen. Sepandan, ou ka sipliye Bondye pou l padone w pou erè ou te fè yo. E ki sa w ka fè ankò? Ebyen, si Bondye di l ap padone w, èske ou menm ou pa ta dwe padone tèt ou tou? — Pwovèb 28:13; 1 Jan 1:9.
Fason pou w metrize kòlè w
Èske w santi w an kòlè tou, petèt kont doktè yo, kont enfimyè yo, kont zanmi oubyen menm kont moun ki mouri a? Ou bezwen konprann lè yon moun pèdi yon moun pa l, li nòmal pou l santi l konsa. Petèt li nòmal pou w santi w an kòlè akoz sa k fè w mal la. Gen yon ekriven ki di: “Se sèl lè w pran konsyans ou an kòlè (sa vle di ou pa eseye toufe kòlè w, men ou rekonèt ou an kòlè) w ap kapab libere anba move efè sa ka genyen sou ou.”
Pafwa, li bon pou w montre w pa kontan. Ki jan? Sandout, se pa lè w pa ka kontwole kòlè w genyen w ap montre sa. Labib avèti nou kont danje ki genyen lè yon moun ret an kòlè twò lontan (Pwovèb 14:29, 30). Sepandan, ou ka jwenn rekonfò lè w pale sou sa ak yon zanmi ki konprann ou. Anplis de sa, gen kèk moun ki twouve lè yo fè bonjan egzèsis lè yo an kòlè, sa soulaje yo. — Gade Efezyen 4:25, 26 tou.
Byenke li enpòtan pou w alèz pou w pale byen klè sou sa w santi, ou bezwen fè atansyon. Gen yon gwo diferans ant pale sou sa w santi ak lage kòlè w sou lòt moun. Ou pa dwe repwoche lòt moun poutèt ou fache e w an kòlè. Donk, pa neglije pale sou sa w santi, men ou pa ta dwe fè sa kòmsi w nan kont ak moun (Pwovèb 18:21). Gen yon bagay ki ka vrèman ede w fè fas ak lapenn ou genyen an, e se sa nou pral wè kounye a.
Èd Bondye bay
Men ki asirans Labib ban nou: “Jewova toupre moun kè yo ap fann yo, li sove moun ki gen lespri yo kraze.” (Sòm 34:18). Vrèman, relasyon w avèk Bondye se pi gwo bagay ki kapab ede w fè fas ak lanmò yon moun pa w. Ki jan? Tout konsèy nou te deja jwenn yo se konsèy ki ann amoni ak sa Labib di, oubyen ki soti dirèkteman nan Bib la. Si w aplike yo, sa kapab ede w fè fas ak lapenn ou genyen.
Mete sou sa, pa souzestime valè lapriyè genyen. Men sa Labib ankouraje nou fè: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” (Sòm 55:22). Si lè w pale sou sa w santi ak yon zanmi ki konprann ou sa ka ede w, alewè pou lè w pale ak “Bondye tout konsolasyon an”! — 2 Korentyen 1:3.
Lè nou priye sa pa fè nou santi n pi byen sèlman. Bondye ki “tande lapriyè” sèvitè l yo fè pwomèt l ap ba yo lespri sen lè yo mande l sa ak tout kè yo (Sòm 65:2; Lik 11:13). Mete sou sa, lespri sen Bondye, oubyen fòs aktif li, kapab ba w “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou ede w fè fas ak sitiyasyon w chak jou (2 Korentyen 4:7). Sonje sa: Bondye kapab ede sèvitè fidèl li yo pou yo andire kèlkeswa pwoblèm yo rankontre.
Gen yon dam ki te gen yon timoun ki mouri ki sonje jan lapriyè te ede li menm ak mari l anpil. Li di: “Si nan aswè nou te lakay e lapenn nou genyen te vin twòp pou nou, nou te konn priye ansanm awotvwa. Chak aktivite nou t ap fè san li pou premye fwa, tankou premye reyinyon an ak premye kongrè a, nou te konn priye pou nou jwenn fòs. Lè nou leve maten e nou santi nou pa ka sipòte ankò, nou priye Jewova pou nou mande l ede nou. Mwen pa konn poukisa, men m te twouve sa difisil anpil pou m antre nan kay la poukont mwen. Donk, chak fwa mwen te konn rantre poukont mwen nan kay la, mwen te konn priye Jewova pou l ede m rete plizoumwen kalm.” Dam fidèl sa a kwè ak tout kè l priyè sa yo te gen bon rezilta, e li gen rezon panse sa. Ou menm tou, ou ka wè si w priye avèk pèseverans, ‘lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè w ak lespri w’. — Filipyen 4:6, 7; Women 12:12.
Èd Bondye bay la ap gen bon efè sou nou. Apot Pòl te di Bondye “konsole nou nan tout eprèv nou yo, yon fason pou nou ka konsole moun ki nan tout kalite eprèv”. Se vre, èd Bondye ban nou an pap fè lapenn nou disparèt, men grasa èd sa a, li ka pi fasil pou nou sipòte. Sa pa vle di w ap sispann kriye oubyen w ap bliye moun ou genyen ki mouri a. Men, ou ka retounen vin anfòm. E lè w fin retounen nan nòmal ou, eksperyans ou te fè a ka fè w aji yon fason ki montre w pi byen konprann moun ki pèdi yon moun pa yo lè w ap ede yo fè fas ak yon lapenn menm jan an. — 2 Korentyen 1:4.