Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

Cheyòl ak adès: ki sa yo ye?

Cheyòl ak adès: ki sa yo ye?

NAN lang yo te ekri Bib la okòmansman, yo sèvi ak mo ebre she’ôl ak mo grèk ki koresponn ak li a haïdês plis pase 70 fwa. Toule de mo sa yo konekte ak lanmò. Gen tradiksyon biblik ki mete “tonm”, “lanfè” oswa “fòs” pou yo. Sepandan, nan pifò lang, pa gen mo ki pou rann sans egzak mo ebre ak mo grèk sa yo. Se poutèt sa, Traduction du monde nouveau itilize mo “shéol” ak “hadès”. Ki sa mo sa yo vle di reyèlman? Annou gade ki jan yo sèvi ak mo sa yo nan plizyè pasaj biblik.

Eklezyas 9:10 di: “Pa gen ni zèv, ni pwojè, ni konesans, ni sajès, nan cheyòl, kote w prale a.” Èske sa vle di cheyòl la se yon tonm presi, yon tonm pèsonèl kote nou antere fanmi nou? Non. Lè Bib la ap pale de yon kote presi pou antere moun, li sèvi ak lòt mo ebre ak lòt mo grèk. Li pa itilize she’ôl ak haïdês (Jenèz 23:7-9; Matye 28:1). Epitou, Bib la pa itilize mo “cheyòl” la pou yon tonm kote yo antere plizyè moun ansanm, tankou yon tonm familyal oswa yon fòs. — Jenèz 49:30, 31.

Si se konsa, ki kalite zòn mo “cheyòl” la deziyen? Pawòl Bondye a montre “cheyòl” oswa “adès” deziyen yon bagay ki pi gwo lontan pase yon fòs. Pa egzanp, Izayi 5:14 fè konnen cheyòl la ‘laj e li ouvri bouch li byen laj depase mezi’. Malgre cheyòl la deja vale yon pil ak yon pakèt moun mouri, w a di li toujou swaf plis toujou (Pwovèb 30:15, 16). Alòske yon simityè ka kenbe sèlman yon kantite mò limite, ‘cheyòl la pa rasazye’. (Pwovèb 27:20.) Sa siyifi cheyòl la pa janm plen. Li pa gen limit. Donk, cheyòl oswa adès se pa yon zòn literal ki yon kote byen presi. Okontrè, se tonm ki la pou moun ki mouri ale, se kote senbolik kote pifò moun al dòmi nan lanmò.

Ansèyman Labib bay sou rezirèksyon an ede nou pou nou pi byen konprann sans “cheyòl” ak “adès” la. Pawòl Bondye a asosye cheyòl ak adès avèk yon lanmò kote ap gen rezirèksyon * (Jòb 14:13; Travay 2:31; Revelasyon 20:13). Selon Pawòl Bondye a tou, nan cheyòl oswa nan adès ou pap jwenn sèlman moun ki sèvi Jewova, men tou w ap jwenn yon pakèt moun ki pa t sèvi l (Jenèz 37:35; Sòm 55:15). Se sa k fè Labib anseye ap gen “yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis”. — Travay 24:15.

^ § 4 Men, mò ki pap resisite yo, yo pa dekri yo kòmkwa yo nan cheyòl oswa nan adès, men yo di yo “nan jeyèn”. (Matye 5:30; 10:28; 23:33.) Menm jan ak cheyòl ak adès, jeyèn nan pa yon kote literal.