Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè timoun yo nan lapenn

Lè timoun yo nan lapenn

Èske w nan lapenn paske w gen yon moun nan fanmi w ki mouri? Si w nan yon sitiyasyon konsa, ki jan w ka fè fas ak lapenn sa a? Annou egzamine ki jan Labib te ede twa jèn rive fè fas ak pwoblèm sa a.

SITIYASYON DAMI AN

Dami

Okòmansman, sanble papa m te annik gen yon ti tèt fè mal. Men, lè l te kòmanse santi doulè yo ap vin pi rèd, manman m te rele yon anbilans. Mwen toujou sonje lè sekouris yo te ale avè l la. M pa t janm panse se dènye fwa m t ap wè l vivan. Papa m te mouri twa jou apre akoz li te gen yon anevris nan sèvo (yon venn ki dilate jis li tounen yon pòch san ki ka pete e ki ka fatal pou moun nan). Mwen te gen sizan sèlman.

Pandan plizyè ane, mwen te blame tèt mwen poutèt lanmò papa m. Mwen te repase sèn kote sekouris yo t aprale ak papa m nan, e m te konn mande tèt mwen: ‘Poukisa m te annik ret kanpe ap gade? Poukisa m pa t fè yon bagay?’ M te konn ap gade granmoun yo ki gen pwoblèm sante e m te konn mande tèt mwen: ‘Poukisa yo menm yo vivan, alòske papa m mouri?’ Ofiramezi tan t ap pase, manman m te ede m pale sou sa m te santi. Epi, kòm nou se Temwen Jewova, frè ak sè nan kongregasyon an te soutni nou anpil.

Gen kèk moun ki panse ou ka nan lapenn tousuit apre yon malè fin rive, epi apre sa, ou bliye sa. Men, se pa konsa sa te pase pou mwen. Se lè m te fèk ap yon adolesan mwen te nan lapenn pou toutbon.

Men konsèy m ap bay jèn ki pèdi yon paran: “Pale ak yon moun sou sa k ap trakase w. Petèt, pi vit ou pale sou sa w santi, sa ap pi bon pou ou.”

Vrèmanvre, li pa fasil pou m pwofite yon seri bèl evènman nan lavi m, pandan m konnen papa m pa la avè m. Men, mwen te jwenn konsolasyon nan pwomès Bondye fè nan Bib la nan Revelasyon 21:4, kote yo di talè konsa Bondye pral “siye tout dlo nan je [nou], pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”.

SITIYASYON DERRICK LA

Derrick

Kèk nan bèl souvni mwen genyen se lè m te konn al lapèch ak papa m ak lè m te konn al fè kanping nan mòn yo avè l. Li te renmen mòn yo.

Papa m te gen pwoblèm kè pandan yon bon ti tan. Mwen sonje lè m te toupiti, m t al vizite l youn oswa de fwa nan lopital la. Men, m pa t konprann jis nan ki pwen maladi l te genyen an te grav. Papa m te mouri akoz pwoblèm kè a lè m te gen nevan.

Lè l te mouri a, mwen te kriye san rete. Mwen te santi m t ap toufe, e m pa t vle pale ak pèsonn. Mwen pa t janm santi m mal konsa nan vi m, e m pa t anvi fè anyen ankò. Okòmansman, gwoup lajenès nan legliz mwen t ap mache a te montre yo enterese nan mwen, men sa pa t dire. Moun nan legliz yo te konn di: “Se lè papa w ki te rive”, “Se Bondye ki rele l” oubyen “Li nan syèl kounye a”. Pawòl sa yo pa t janm fè m santi m byen vre, men m pa t konnen ki sa Labib te anseye toutbonvre sou bagay sa yo.

Apre sa, manman m te kòmanse etidye Labib avèk Temwen Jewova yo, e annapre, frè m nan avè m te vin etidye tou. Nou te vin konnen nan ki kondisyon mò yo ye e nou te vin konnen pwomès Bondye fè pou l resisite moun ki mouri yo, yon pwomès ki bay konsolasyon (Jan 5:28, 29). Men, vèsè ki te pi ede m nan se Ezayi 41:10. Men sa Bondye di nan vèsè sa a: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.” Lefètke m konnen Jewova avè m, sa te konsole m anpil pandan m te nan lapenn nan, e jis kounye a, sa toujou konsole m.

SITIYASYON JEANNIE AN

Jeannie

Lè m te gen setan, manman m te mouri ak yon kansè. Jou sa a te sanble yon jou kote m t ap reve. M sonje li te mouri lakay la, e gran paran m yo te la. M sonje tout moun te byen kalm. E m sonje nou te kuit ze pou n manje. Mwen te santi se tankou lavi m t ap chavire tikras pa tikras.

Nan moman sa a, e pandan plizyè ane annapre, mwen te panse m te oblije rete djanm poutèt ti sè m nan. Se sa k fè mwen te antere sa m te santi. Jis jounen jodi a, mwen gen tandans pa montre sa m santi, byenke sa pa bon.

Mwen sonje lanmou ak èd Temwen Jewova ki nan kongregasyon m nan te ban mwen. Byenke nou te fèk kòmanse ap asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan, frè ak sè n yo te la ansanm avè n, se kòmsi nou te gen anpil ane depi n fanmi. Mwen panse papa m te fè tout yon ane san l pa fè gwo manje, paske yo te toujou pote manje pou nou lakay nou.

Yon vèsè ki toujou vin nan lespri m se Sòm 25:16, 17. Men sa moun ki te ekri sòm sa a di pandan l t ap sipliye Bondye: “Vire gade m epi fè m favè, paske mwen poukont mwen e mwen pa gen moun pou ede m. Kè m sere anpil. Retire m nan lapenn mwen ye a.” Sa konsole m lefètke m konnen nou pa janm poukont nou vre lè n nan lapenn. Bondye toujou la pou ede nou. Grasa èd mwen jwenn nan Bib la, mwen te rive avanse e mwen te rive konsantre m sou bagay ki pozitif, tankou pwomès sou rezirèksyon nou jwenn nan Bib la, yon pwomès ki bay konsolasyon. Mwen gen espwa m ap wè manman m ankò e m pral aprann konnen l nan Paradi ki pral gen sou tè a kote l pral gen yon sante ki pafè. — 2 Pyè 3:13.

Èske w ta renmen aprann plis bagay sou mesaj ki gen nan Bib la ki bay moun ki nan lapenn yo konsolasyon? Telechaje bwochi sa a gratis ki gen tit: “Lè lanmò pase pran yon moun pa w...” Al sou www.mt1130.com/ht, epi gade anba ribrik PIBLIKASYON > LIV & BWOCHI.