Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ÈSKE GEN ESPWA POU PLANÈT NOU AN?

Forè

Forè

SYANTIFIK yo konpare forè yo ak poumon ki pèmèt yon moun rete vivan. Poukisa? Paske menm jan ak poumon, pyebwa yo filtre lè a. Yo absòbe gaz kabonik ki ka yon danje pou nou. Epi, yo ban nou oksijèn, yon gaz nou bezwen pou nou respire. Anviwon 80 pousan plant ak bèt ki sou tè a viv nan forè. San forè yo, pa t ap gen lavi.

Sa ki yon danje pou forè nou yo

Chak ane, yo koupe plizyè milya pyebwa pou yo ka fè jaden nan espas sa yo. Nan fen ane 1940 yo, mwatye nan forè ki sou tè a te gentan disparèt.

Lè yo detwi yon forè, tout pyebwa ak tout plant ki t ap viv nan forè sa a detwi tou.

Tè a fèt pou l la pou toutan

Menm nan zòn kote yo te koupe tout pyebwa yo, forè a ka reparèt ankò. Sa pa gen twò lontan, ekolojis yo te sezi wè jan nan zòn kote yo te koupe pyebwa yo, pyebwa sa yo te grandi byen vit, e zòn sa yo vin tounen forè ki anfòm. Ann pran kèk egzanp:

  • Moun k ap fè rechèch yo te suiv kèk zòn kote yo te koupe pyebwa pou yo fè jaden e annapre yo te abandone yo. Selon yon etid yo te fè sou 2200 zòn nan Amerik la ak nan Afrik delwès, yo te wè tè a ka retounen jan l te ye a, sa vle di yon kote forè ka pouse nan sèlman 10 an.

  • Selon yon etid moun k ap fè rechèch yo te pibliye nan yon jounal ki rele Science, yo fè konnen nan anviwon 100 an, forè yo ka tounen jan yo te ye anvan yo te koupe pyebwa yo.

  • Sa pa gen twò lontan, moun k ap fè rechèch nan peyi Brezil yo t ap gade pou yo wè si forè yo grandi pi vit lè gen efò ki fèt pou plante nouvo pyebwa nan espas sa yo.

  • Men sa National Geographic fè konnen sou rezilta rechèch la: “Yo te kontan wè li pa t nesesè pou yo plante nouvo pyebwa.” Nan sèlman senkan, zòn yo te teste san yo pa t plante nouvo pyebwa yo te chaje ak “pyebwa ki konn abitye leve nan zòn nan”.

Sa lèzòm deja fè

Toupatou sou tè a, gen efò ki fèt pou pwoteje forè yo e pou repare sa ki andomaje yo. Selon yon sous nan Nasyonzini, kòm rezilta, “se sèlman 50 pousan pyebwa yo koupe parapò ak kantite yo te konn koupe” sa gen plis pase 25 an.

Men, efò sa yo pa sifi pou sove forè nou yo. Men sa òganizasyon ki rele Global Forest Watch la te fè konnen: “Nan dènye ane ki sot pase yo, yo kontinye koupe menm kantite pyebwa a nan forè twopikal yo.”

Konpayi k ap koupe pyebwa san pèmisyon gouvènman yo fè plizyè milya dola nan biznis sa a, e se prensipal rezon ki fè forè yo ap detwi.

Moun k ap travay pou pwoteje forè yo koupe yon ti kantite pyebwa ki fin grandi, epi yo plante lòt.

Rezon ki fè nou gen espwa — Sa Bib la di

“Jewova a Dye te fè tout kalite pyebwa ki bèl pou moun gade e ki bay bon fwi pouse sot nan tè a.” — Jenèz 2:9.

Kreyatè tout forè yo te fè forè yo ak kapasite natirèl pou yo repare tèt yo yon fason pou lèzòm ka kontinye pwofite yo. Li vle nou pran swen forè nou yo, epi pwoteje yo ak tout bèl bagay ki ladan yo.

Bib la montre Bondye pral mete yon fen nan move fason lèzòm ap jere tè a, yon fason pou planèt nou an ak lavi pa disparèt. Gade atik ki gen tit “Bondye pwomèt gen espwa pou planèt nou an” ki nan paj 15 lan.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.