Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LEKTÈ NOU YO TA RENMEN KONNEN

Èske kretyen dwe fete Nwèl?

Èske kretyen dwe fete Nwèl?

Toupatou sou tè a, plizyè milyon moun panse fèt Nwèl se yon fèt yo selebre pou yo fete anivèsè nesans Jezi Kris. Men, èske w konn mande tèt ou si kretyen ki t ap viv nan premye syèk ki te pwòch ak Jezi yo te konn selebre Nwèl? E èske w konn sa Bib la di konsènan anivèsè nesans? Lè nou chèche jwenn repons pou kesyon n ap poze tèt nou yo sa ka ede n wè si wi ou non kretyen ka selebre Nwèl.

Premyèman, pa gen okenn kote nan Bib la ki montre yo te konn selebre anivèsè nesans Jezi oubyen anivèsè nesans nenpòt lòt moun ki t ap sèvi Bondye fidèlman. Bib la pale de de moun sèlman ki te selebre anivèsè nesans yo. E youn nan yo pa t ap sèvi Jewova, Bondye Bib la pale de li a, e anplis de sa Bib la montre, nan jou anivèsè nesans moun sa yo gen yon move bagay ki te rive (Jenèz 40:20; Mak 6:21). Selon yon ansiklopedi (Encyclopædia Britannica), kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo pa t dakò ak “koutim payen yo te genyen pou yo fete anivèsè nesans”.

Ki dat Jezi te fèt?

Labib pa di ki lè egzakteman Jezi te fèt. Men sa yon ansiklopedi (McClintock and Strong’s Cyclopedia) fè konnen: “Yo pa jwenn prèv nan [Nouvo Testaman an] oswa nan okenn lòt liv ankò ki montre ki jou Kris te fèt.” Si Jezi te vle disip li yo selebre anivèsè nesans li, li t ap annik fè yo konnen ki dat li te fèt.

Dezyèmman, Bib la pa montre Jezi oswa okenn nan disip li yo te konn fete Nwèl. Selon yon ansiklopedi (New Catholic Encyclopedia), premye fwa yo pale de fèt Nwèl se nan “Kwonograf Philocalus la, yon kalandriye women ki gen ladan l enfòmasyon ki la depi ane 336 epòk nou an”. Yon bagay ki sèten, Bib la te gentan la depi byen lontan e Jezi te gentan gen plizyè syèk depi l te kite tè a. Kidonk, McClintock ak Strong fè konnen “Bondye pa mande pou moun selebre fèt Nwèl, e sa pa nan Nouvo Testaman an nonplis” *.

Ki evènman Jezi te di disip li yo pou yo selebre?

Jezi se Gran Anseyan an e li di byen klè ki sa li vle pou disip li yo fè, e nou jwenn sa nan Bib la. Men, li pa t mande yo pou yo selebre fèt Nwèl. Menm jan yon pwofesè pa vle pou elèv li yo ale pi lwen pase sa yo mande yo fè, se menm jan an tou Jezi pa vle pou disip li yo “ale pi lwen pase sa ki ekri” nan Bib la. — 1 Korentyen 4:6.

Sepandan, gen yon evènman enpòtan kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo te abitye avèk li ki se Memoryal oswa Komemorasyon lanmò Jezi. Se Jezi menm ki te di disip li yo pou yo selebre evènman sa a e li te montre yo fason pou yo fè l ak dat pou yo fè l, jan nou ka wè sa nan Bib la. — Lik 22:19; 1 Korentyen 11:25.

Jan nou sot wè sa a, Nwèl se yon fèt ki gen rapò ak anivèsè nesans e kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo pa t konn suiv koutim payen sa a. Anplis de sa, Labib pa di Jezi ak lòt moun te konn fete Nwèl. Se pou rezon sa a, toupatou sou tè a plizyè milyon kretyen pa selebre Nwèl.

^ § 6 Pou plis enfòmasyon anrapò ak kote pifò nan tradisyon ki gen rapò ak Nwèl soti gade atik “Lektè nou yo ta renmen konnen — Ki sa ki verite sou Nwèl?” ki te parèt nan Toudegad 1ye desanm 2014, li sou sit Entènèt www.mt1130.com la.