Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Jewova pwoteje maryaj ou epi kite l fè l vin djanm

Kite Jewova pwoteje maryaj ou epi kite l fè l vin djanm

“Si se pa Jewova k ap veye vil la, se pou granmesi gad yo rete san yo pa dòmi.” — SÒM 127:1b, NW.

1, 2. a) Ki sa k te lakòz 24 000 Izrayelit pèdi yon pakèt bèl benediksyon? b) Poukisa sa k te rive a enpòtan pou nou?

TE RETE sèlman yon ti tan pou nasyon Izrayèl la antre nan Latè pwomiz lè plizyè dizèn milye gason te gen “relasyon seksyèl imoral ak medam peyi Mowab yo”. Kòm rezilta, Jewova te touye 24 000 Izrayelit. Imajine sa! Izrayelit yo te prèske wè pwomès yo t ap tann depi byen lontan an vin yon reyalite, sepandan, yo te pèdi tout bèl benediksyon yo t apral jwenn yo paske yo te tonbe nan tantasyon. — Nonb 25:1-5, 9, NW.

2 Yo mete egzanp terib sa a nan Bib la “pou nou menm fen sistèm yo rive sou nou an e yo te ekri [l] pou sèvi nou avètisman”. (1 Kor. 10:6-11.) Jodi a sèvitè Bondye yo rive byen fon nan “dènye jou yo” e yo nan papòt monn nouvo ki jis la (2 Tim. 3:1; 2 Pyè 3:13). Sepandan, malerezman, gen kèk sèvitè Jewova ki bese vijilans yo. Yo tonbe nan imoralite e yo sibi konsekans sa pote lè yon moun gen yon konduit ki imoral. Moun sa yo riske pèdi benediksyon k ap dire pou toutan yo.

3. Poukisa moun ki marye yo bezwen direksyon ak pwoteksyon Jewova? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Etandone imoralite gaye toupatou jodi a, mari ak madanm  bezwen direksyon ak pwoteksyon Jewova yon fason pou efò y ap fè pou yo pwoteje maryaj yo a pa pou granmesi. (Li Sòm 127:1.) Nou pral wè kòman de moun ki marye kapab fè maryaj yo vin solid lè yo pwoteje kè yo, lè yo pwoche bò kote Bondye, lè yo abiye ak nouvo pèsonalite a, lè yo kontinye gen bon kominikasyon youn ak lòt ak lè youn bay lòt sa l dwe l la nan maryaj la.

PWOTEJE KÈ W

4. Ki sa k fè kèk kretyen tonbe nan fè sa k pa bon?

4 Ki jan yon kretyen ka tonbe nan konduit ki imoral? Byen souvan se je yon moun ki lakòz li tonbe nan imoralite. Men sa Jezi te di: “Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” (Mat. 5:27, 28; 2 Pyè 2:14). Gen anpil kretyen ki tonbe nan fè sa k pa bon paske yo bese vijilans yo nan domèn moral nan gade pònografi, nan li liv ki eveye dezi seksyèl lakay moun, oswa nan gade yon seri vye bagay sal sou Entènèt. Gen lòt ki pran detant yo nan gade fim kote yo montre moun k ap fè sèks yon fason ki klè, nan gade dans kote gason ak fi ap danse yon fason ki chokan oswa nan gade yon seri vye pwogram yo bay nan televizyon. Gen anpil kretyen k al nan nayklèb kote gen moun ki toutouni k ap danse oswa yo menm konn bay moun fè yon seri masaj pou yo e sa eveye dezi seksyèl lakay yo.

5. Poukisa nou bezwen pwoteje kè nou?

5 Gen kèk moun ki tonbe nan tantasyon paske yo chèche jwenn atansyon bò kote moun ki mal plase pou sa. Nan yon monn k ap penyen lage e k ap benyen nan tout kalite imoralite, li vin twò fasil pou yon kè ki trèt e ki dekouraje vin gen santiman pou yon moun ki pa moun li marye avè l la. (Li Jeremi 17:9, 10.) Men sa Jezi te di: “Bagay tankou move rezònman, zak asasinay, adiltè, fònikasyon, [...] se nan kè a yo soti.” — Mat. 15:19.

6, 7. a) Ki jan yon kè ki trèt ka fè yon moun pran yon wout ki mennen nan peche? b) Ki jan yon moun ka evite yon malè nan domèn moral?

6 Yon fwa move dezi anrasinen nan kè de moun ki gen atirans youn pou lòt, sa ka fè y ap pale sou yon seri sijè yo ta dwe pale sèlman ak moun yo marye avè l la. Byen rapid, yo kapab ap kreye plis okazyon pou yo ansanm, e yo met tèt yo nan sitiyasyon pou yo ka wè pi souvan toutpandan yo pran pòz yo pa konprann. Tank y ap vin gen plis santiman youn pou lòt se tank y ap bese vijilans yo nan domèn moral. Plis y ap pran yon wout ki mennen nan peche se plis li vin pi difisil pou yo kanpe, menm lè yo konnen sa y ap fè a pa bon. — Pwo. 7:21, 22.

7 Tikras pa tikras de moun sa yo kapab vin febli nan domèn espirityèl lè yo kite move dezi ak konvèsasyon yo te konn genyen fè yo vin nan kenbe men, fè ti bo, karese, manyen youn lòt yon fason pou youn vin anvi lòt san wete lòt fason yo demontre afeksyon yo ankò, alòske se pou moun yo marye avè l la sèlman yo ta dwe fè sa. Finalman, yo ‘kite pwòp dezi yo mennen yo, yo kite pwòp dezi yo sedui yo’. Lè yo nouri dezi a, li “bay peche”, sa vle di yo tonbe nan imoralite seksyèl (Jak 1:14, 15). Se pa ti tris sa tris! Malè sèk sa a te ka pa rive si toule de moun yo te kite Jewova fè yo vin gen plis respè pou maryaj, yon bagay ki sakre. Men, ki jan yon moun kapab fè sa?

KONTINYE PWOCHE BÒ KOTE BONDYE

8. Lè yon moun zanmi Jewova, ki jan sa fè l jwenn pwoteksyon nan domèn moral?

8 Li Sòm 97:10. Pou yon moun jwenn pwoteksyon nan domèn moral, li enpòtan pou l zanmi Jewova. Tank n ap aprann  konnen kalite Bondye yo ki atiran e n ap fè tout sa n kapab “pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen, e [...] pou nou kontinye mache nan lanmou”, se tank n ap vin gen fòs pou n rejte “fònikasyon, salte sou kèlkeswa fòm nan”. (Efe. 5:1-4.) Lefètke koup marye yo konnen “Bondye pral jije ni fònikatè, ni moun k ap fè adiltè”, yo fè gwo efò pou yo onore maryaj yo e pou l san salte. — Ebre 13:4.

9. a) Ki jan Jozèf te fè reziste devan tantasyon imoral? b) Ki leson nou ka aprann nan egzanp Jozèf?

9 Gen kèk sèvitè Bondye ki fidèl ki vin fèb nan domèn moral akoz yo kontinye pase tan ak kòlèg travay yo ki pa Temwen apre yo fin travay. Nou kapab jwenn tantasyon menm pandan n ap travay. Se nan kad travay li, yon bèl jèn gason ki te rele Jozèf, te remake jan madanm patwon l te enterese nan li anpil. Jou apre jou, li t ap eseye sedui Jozèf. Finalman, “dam nan kenbe rad Jozèf, epi li di l: ‘Kouche avè m!’” Men Jozèf te reyisi chape pou l li. Ki sa k te ede Jozèf rete djanm nan domèn espirityèl nan sitiyasyon sa yo ki t ap pase lafwa l anba eprèv? Se te fèm detèminasyon li te genyen pou l pa kraze relasyon l gen ak Bondye a ki te ede l rete pwòp nan domèn moral e ki te ede l rete entèg. Piske l te rete fèm, sa te vin lakòz li pèdi travay li e yo te mete l nan prizon san l pa t merite sa, men, Jewova te beni l (Jen. 39:1-12; 41:38-43, NW). Kretyen yo bezwen evite met tèt yo nan sitiyasyon ki reprezante yon tantasyon avèk yon moun ki pa moun yo marye avè l la, kit se nan travay yo kit se nan yon lòt kad.

ABIYE W AK NOUVO PÈSONALITE A

10. Ki pwoteksyon nouvo pèsonalite a bay nan domèn moral?

10 Etandone nouvo pèsonalite a ‘kreye selon volonte Bondye e li konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande’, li jwe yon wòl enpòtan nan ede koup marye yo jwenn fòs nan domèn espirityèl (Efe. 4:24). Moun ki gen nouvo pèsonalite sa a fè manm kò yo ‘mouri anrapò ak fònikasyon, salte, dezi seksyèl, anvi pou moun fè sa ki mal, e anrapò ak tanta’. (Li Kolosyen 3:5, 6.) Mo “mouri” a montre nou dwe pran bonjan dispozisyon pou n goumen kont dezi nou gen lakay nou ki imoral. N ap evite nenpòt bagay ki ka eveye dezi seksyèl lakay nou pou yon moun ki pa moun nou marye avè l la (Jòb 31:1). Tank n ap fè sa Bondye mande, se tank n ap aprann “gen degoutans pou sa ki mal” e n ap “rete atache ak sa ki byen”. — Wom. 12:2, 9.

11. Lè koup marye yo gen nouvo pèsonalite a, ki jan sa ka fè maryaj yo vin pi djanm?

11 Nouvo pèsonalite a reflete “pòtre” Jewova, “Sila a ki te kreye l la”. (Kol. 3:10.) Se pa ti benediksyon mari ak madanm ki ranfòse fòs moral yo jwenn lè yo abiye yo “avèk yon konpasyon ki pwofon anpil, ak bonte, imilite, dousè ak pasyans”! (Kol. 3:12.) Yo viv ann amoni pi plis toujou lè yo “kite lapè Kris la dirije kè” yo (Kol. 3:15). Se pa ti byenfè moun ki marye yo jwenn lè yo gen “afeksyon ki pwofon [...] youn pou lòt”! Sa fè yo pran plezi nan “pran devan nan onore youn lòt”. — Wom. 12:10.

12. Ki kalite w panse ki enpòtan pou gen kè kontan nan yon maryaj?

12 Lè yo te mande Sid ki kalite ki te fè li menm ak madanm li jwenn kè kontan nan maryaj yo, men sa l te reponn: “Nou toujou ap travay pou n gen plis lanmou paske se kalite ki pi enpòtan. Nou rann nou kont dousè se yon kalite ki enpòtan anpil tou.” Sonja, madanm li, dakò ak sa l di yo epi men sa l ajoute: “Se sèten bonte se yon kalite ki  enpòtan anpil. E nou fè efò pou n demontre imilite, menm lè sa pa toujou fasil.”

KONTINYE GEN BONJAN KOMINIKASYON YOUN AK LÒT

13. Bay youn nan kle ki ka fè yon maryaj stab, e di poukisa.

13 Se sèten, lè moun marye yo pale byen youn ak lòt sa ka pèmèt maryaj yo vin stab. Se pa ti tris sa t ap tris pou de moun ki marye ap pale youn ak lòt san respè alòske yo byen trete moun yo pa konnen ditou oswa bèt lakay yo! Lè de moun ki marye gen “rankin malveyan” nan kè yo youn pou lòt, y ap “fè kòlè ak move san”, y ap rele youn sou lòt e y ap “joure”, sa ka minen maryaj yo nan domèn espirityèl (Efe. 4:31). Olye pou moun ki marye yo ap kraze maryaj yo afòs y ap plede kritike youn lòt oswa youn ap di lòt pawòl ki pou blese l, yo dwe fè relasyon yo vin solid lè youn di lòt pawòl ki demontre yo gen bonte, tandrès ak konpasyon. — Efe. 4:32.

14. Ki sa li t ap saj pou nou evite fè?

14 Labib di gen “yon tan pou moun pa di anyen”. (Ekl. 3:7, NW.) Sa pa vle di pou n rete san n pa pale ditou, sa ki ka anpeche nou kominike lè sa nesesè. Gen yon sè marye nan peyi Almay ki di: “Nan sitiyasyon konsa, lè w rete an silans ou ka fè moun ou marye avè l la mal anpil.” Sepandan, men sa l ajoute: “Menm lè l pa toujou fasil pou n rete kalm lè nou strese, li pa bon pou n annik pale san reflechi. Apre sa ou di yon bagay oswa ou fè yon bagay ki ka fè moun ou marye avè l la mal, e sa fè bagay yo vin pi mal toujou.” Mari ak madanm pa ka rezoud pwoblèm yo lè youn ap rele sou lòt oswa lè yo refize pale youn ak lòt. Olye de sa, maryaj yo ap vin solid lè yo pa pran abitid gen dezakò oswa yo pa kite ti dezakò sa yo mennen nan gwo diskisyon.

15. Lè gen bon kominikasyon nan yon maryaj, ki jan sa fè l vin solid?

15 De moun ki marye ap fè maryaj yo vin solid lè yo pran tan pou yo fè youn lòt konnen sa yo santi ak lè yo pataje opinyon  yo. Fason n ap di yon bagay gen menm enpòtans ak sa n ap di a. Sepandan, menm lè nou nan sitiyasyon difisil, nou bezwen fè efò pou pawòl n ap di yo bèl ni nan ton vwa nou ni nan mo n ap chwazi yo. Konsa, w ap fè l pi fasil pou moun ou marye avè l la koute w. (Li Kolosyen 4:6.) Mari ak madanm kapab ranfòse maryaj yo lè yo byen kominike sa vle di lè ‘pawòl ki sot nan bouch yo se sèl pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon’ youn pou lòt. — Efe. 4:29.

Lè mari ak madanm byen kominike youn ak lòt sa ka fè maryaj yo vin pi solid. (Gade paragraf 15.)

SE POU YOUN BAY LÒT SA L DWE L LA

16, 17. Poukisa li enpòtan pou mari ak madanm byen konprann bezwen youn lòt genyen nan domèn afektif ak nan domèn seksyèl?

16 Moun marye yo kapab fè maryaj yo vin solid tou lè yo chèche avantaj pa moun yo marye avè l la ak lè youn mete enterè pa lòt la anvan enterè pa l (Flp. 2:3, 4). Mari ak madanm bezwen byen konprann bezwen youn lòt genyen nan domèn afektif ak nan domèn seksyèl. — Li 1 Korentyen 7:3, 4.

17 Malerezman, gen kèk moun marye ki sispann bay moun yo marye avè l la afeksyon e ki sispann gen relasyon seksyèl avè l. Anplis de sa, gen kèk gason ki met nan tèt yo si yo demontre tandrès yo pa gason pou sa. Men sa Bib la di: “Nou menm mari nou dwe eseye konprann madanm n ap viv avè l la.” (1 Pyè 3:7, Phillips [anglè]). Yon mari bezwen konprann kesyon bay madanm li sa l dwe l la ale pi lwen toujou pase yon senp kontak fizik. Yon madanm ap pran plis plezi pou l gen relasyon seksyèl ak mari l si mari a demontre lanmou ak afeksyon pou li lè se pa lè l pral gen relasyon seksyèl avè l sèlman. Lè toule de gen konsiderasyon youn pou lòt, li vin pi fasil pou youn satisfè bezwen lòt nan domèn afektif ak nan domèn fizik.

18. Ki jan mari ak madanm kapab fè maryaj yo vin pi solid?

18 Pa gen okenn eskiz pou yon moun twonpe mari l oswa madanm li, sepandan, si youn nan yo manke bay youn lòt tandrès sa ka lakòz youn nan yo al chèche afeksyon nan men lòt moun epi gen relasyon seksyèl ak lòt moun (Pwo. 5:18; Ekl. 9:9). Se sa k fè, men ki ankourajman Bib la bay moun ki marye yo: “Pinga youn refize lòt [sa l dwe l la], sof si nou antann nou sou sa pou yon tan nou fikse.” Poukisa? “Dekwa pou Satan pa kontinye tante nou poutèt nou pa ka kontwole tèt nou”. (1 Kor. 7:5.) Se pa ti tris sa t ap tris pou de moun ki marye ta kite Satan fè yo tonbe nan tantasyon epi fè adiltè paske yo “pa ka kontwole tèt” yo. Yon lòt bò, lè chak moun ‘pa chèche pwòp avantaj pa l, men li chèche avantaj pa lòt’ la epi youn bay lòt sa l dwe l la paske l renmen l men pa paske li oblije fè sa, sa ap pèmèt yo gen relasyon seksyèl avèk tandrès e sa ap fè maryaj la vin pi solid. — 1 Kor. 10:24.

KONTINYE PWOTEJE MARYAJ OU

19. Ki sa nou dwe detèmine pou n fè e poukisa?

19 Nou nan papòt monn nouvo kote lajistis pral blayi a. Pou rezon sa a, si n kite dezi lachè kontwole nou, konsekans yo ap terib pou nou menm jan sa te terib pou 24 000 Izrayelit ki te nan plèn Mowab yo. Apre Pawòl Bondye a fin pale de evènman trajik sa a ki te imilye pèp la, men sa l di: “Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe.” (1 Kor. 10:12). Se sa k fè, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou n fè maryaj nou vin solid lè nou rete fidèl ak Papa nou ki nan syèl la e ak moun nou marye avè l la (Mat. 19:5, 6). Jodi a, plis pase nenpòt lòt lè se moman pou nou ‘fè tout sa nou kapab pou alafen pou yo ka jwenn nou san tach, san defo e nan lapè’. — 2 Pyè 3:13, 14.