Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske tout relijyon bon?

Èske tout relijyon bon?

N AP viv nan yon monn kote gen anpil relijyon. Gen yon sondaj yo te fè tou dènyèman ki montre gen 19 gwo relijyon sou tè a, e gen anviwon 10 000 lòt relijyon ki pa twò gwo. Sa fè moun yo gen yon pakèt chwa devan yo nan domèn relijyon. Men, èske relijyon w chwazi gen enpòtans?

Gen moun ki di ou ka konpare divès relijyon ki genyen yo ak diferan wout ki mennen sou yon mòn. Pou yo menm, kòm tout wout yo mennen menm kote a, yo kapab chwazi nenpòt nan wout yo. Rezònman yo fè, sèke se yon sèl Bondye Toupisan ki genyen, donk, tout relijyon yo ka ede moun jwenn li.

Èske tout relijyon ka ede nou sèvi Bondye?

Jezi Kris se youn nan anseyan relijye moun plis respekte nan listwa. Ki sa l di sou kesyon sa a? Li te di disip li yo: “Antre nan pòtay etwat la.” Poukisa? “Paske, lòt pòtay la laj, epi chemen ki mennen moun al peri a gran. E, genyen anpil moun ki antre ladan l. Men, pòtay sa a etwat. Chemen ki mennen moun nan lavi a sentre. E, se yon ti kras moun ki jwenn li.” —Matye 7:13, 14, Bib Kreyòl La.

Èske Jezi te vle di gen kèk relijyon ki mennen “moun al peri” toutbonvre? Oubyen èske li te vle anseye se sèl moun ki pa kwayan yo ki sou chemen ki gran an, alòske moun ki kwè nan Bondye yo se sou wout etwat ki mennen nan lavi a yo ye, kèlkeswa relijyon yo ladan l lan?

Men sa Jezi te di tousuit apre li te fin di se de wout sèlman ki genyen an: “Pran prekosyon poutèt fo pwofèt yo, ki vini kote nou nan rad mouton, men andedan se lou devoran yo ye.” ​(Matye 7:15, Nouvo Téstaman sin an avèk Sòm e Provèb yo *). Men sa li te di annapre: “Se pa tout moun k ap di mwen: ‘Senyè! Senyè!’ k ap antre nan wayòm syèl la, men, se moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la.” ​(Matye 7:21, Bib Kreyòl La). Si yo rele yon moun pwofèt oubyen moun nan di Jezi se “Senyè” l, li rezonab pou nou panse moun sa a kwè nan Bondye, oubyen li nan yon relijyon. Donk li klè, Jezi te vle fè konprann se pa tout relijyon ki bon, ni se pa tout anseyan nan relijyon nou ta dwe fè konfyans.

Èske l posib pou nou idantifye wout ki etwat la?

Menm jan ak yon kat ki fyab, Labib ka ede yon moun jwenn vrè chemen an nan domèn relijyon.

Piske se pa tout relijyon ki pèmèt moun sèvi Bondye, ki jan w ka rive jwenn wout etwat ki mennen nan lavi a nan mitan plizyè milye lòt wout, sètadi relijyon, ki genyen yo? Annou pran yon egzanp. Ann imajine ou pèdi nan yon gwo vil. Ou deside mande kèk moun ki wout pou w fè. Gen yon moun ki santi l konn wout la ki di w fè anwo. Gen yon lòt ki ensiste ki di w fè anba. Poutan, gen yon lòt moun ki konseye w pran nenpòt direksyon w santi k ap pi bon pou ou. Finalman, yon lòt moun rale yon kat ki fyab epi li montre w bon wout pou w fè a. Apre sa, li ba w kat la yon fason pou w ka gade ladan l toutpandan w sou wout la. Èske lè sa a ou pa t ap gen plis asirans w ap rive kote w vle ale a?

Nan domèn relijyon, se menm bagay la tou nou bezwen fè lè n ap chwazi bon wout la. Nou bezwen gen yon kat espirityèl ki fyab. Èske yon kat konsa egziste? Wi. Kat sa a se Labib. Men sa l di: “Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y’ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k’ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye.” —2 Timote 3:16.

Petèt ou deja gen yon tradiksyon Labib nan lang ou ou ka itilize kòm yon kat espirityèl. Temwen Jewova yo, ki pibliye peryodik sa a, pibliye yon tradiksyon Labib ki fyab. Tradiksyon sa a rele Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau. Men, si w pa yon Temwen Jewova, petèt ou ka prefere sèvi ak lòt tradiksyon ki genyen pou w idantifye bon relijyon an parapò ak sa ki pa bon yo. Se sa k fè nan seri atik sa yo yo site vèsè ki soti nan divès tradiksyon Labib ki pa reprezante yon relijyon an patikilye.

Toutpandan w ap li atik ki vin apre yo, konpare sa w konn deja yo ak sa Labib di. Sonje pawòl Jezi te di konsènan fason nou kapab idantifye relijyon ki bon an ak relijyon ki pa bon yo. Men sa l te di: “Tout bon pyebwa donnen bon fwi. Men, move pyebwa donnen move fwi. Bon pyebwa pa kapab donnen move fwi. Move pyebwa pa kapab donnen bon fwi, nonplis.” ​(Matye 7:17, 18, Bib Kreyòl La). Annou konsidere sèlman twa nan bon fwi Labib di ki ka ede nou rekonèt “bon pyebwa” a.

^ § 7 Chak fwa nou sèvi ak yon tradiksyon Bib ki gen ansyen òtograf kreyòl la, nou itilize nouvo òtograf kreyòl la pou fasilite lekti a.