Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bib la di nou tout laverite sou Jezi?

Èske Bib la di nou tout laverite sou Jezi?

Èske sa posib pou Jezi pa t mouri Gòlgota, alòske se la Bib la di l te mouri? Men, gen moun ki di li pa t mouri toutbon, èske se vre? Yo di Jezi te marye ak Mari Magdalèn e Ii te gen pitit avè l. Èske se vre? Oubyen ankò, èske se vre Jezi te yon moun ki te sevè ak tèt li, ki te mete kò l apa e ki te rejte tout plezi lavi pandan l t ap viv sou tè a? Èske se vre li te anseye doktrin ki diferan ak sa nou jwenn nan Bib la?

SIPOZISYON sa yo ki kòmanse gaye apati ane ki sot pase yo retounen okipe lespri moun yo an pati paske gen fim ak liv k ap simaye ide sa yo. Non sèlman gen fim ki pa chita sou reyalite, men tou gen anpil liv ak atik ki atire atansyon moun sou liv apokrif yo, yon seri liv ki pa fè pati kanon * Bib la yo te ekri nan dezyèm ak twazyèm syèk epòk nou an. Liv sa yo bay yon seri enfòmasyon sou Jezi yo di Evanjil yo pa mansyone. Èske enfòmasyon sa yo merite pou nou ba yo atansyon? Èske nou ka gen konfyans Bib la di nou tout laverite sou Jezi?

Pou nou jwenn repons kesyon sa yo, li nesesè pou nou egzamine twa pwen fondamantal. Premyèman, nou bezwen gen bonjan enfòmasyon konsènan moun ki te ekri Evanjil yo e nou bezwen konnen ki lè yo te ekri yo. Dezyèmman, nou bezwen konnen kiyès ki te etabli kanon Bib la e ki fason yo te etabli l. Twazyèmman, nou bezwen gen bonjan enfòmasyon sou liv apokrif yo e nou bezwen konprann ki diferans ki genyen ant liv sa yo ak liv ki fè pati kanon Bib la.

Ki lè yo te ekri liv yo ki nan Nouvo Testaman an e ki moun ki te ekri yo?

Selon kèk sous, se nan kòmansman uityèm ane apre lanmò Kris, ozanviwon ane 41 epòk nou an, yo te ekri Evanjil Matye a. Gen plizyè biblis ki di pito se plizyè ane apre 41 an, men, an jeneral, anpil moun dakò se nan premye syèk epòk nou an yo te ekri tout liv ki fè pati Ekriti grèk kretyen yo, yo rele jeneralman Nouvo Testaman.

Lè yo t ap ekri Evanjil yo, moun ki te ka bay temwayaj sou lavi Jezi, sou lanmò l ak sou rezirèksyon l, te toujou vivan e yo te ka verifye sa ki ekri nan Evanjil yo. Yo te ka devwale tout sa ki pa egzak. Men sa yon biblis ki rele Frederick F. Bruce fè remake: “Youn nan pwen fò nan travay predikasyon apot yo nan premye syèk la se konfyans yo te genyen sou lefètke moun ki t ap koute yo te konnen enfòmasyon sa yo se laverite. Apot yo pa t sèlman di moun yo ‘nou temwen bagay sa yo’, men tou yo te konn di yo ‘sa se bagay nou tout konnen’. (Travay 2:22.)”

Lefètke Pòl te fè mirak, san wete rezirèksyon li te fè a, sa montre lespri Bondye te avè l, menm lè li te ekri lèt li yo.

Ki moun ki te ekri Ekriti grèk kretyen yo? Pami moun sa yo, gen kèk nan 12 apot Jezi yo. Apot sa yo ak lòt ekriven biblik, tankou Jak, Jid, e petèt Mak, te la nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè kongregasyon kretyen an te etabli. Tout ekriven yo, san wete Pòl, t ap kolabore deprè ak kolèj santral kongregasyon kretyen premye syèk la, gwoup ansyen ki te gen ladan l apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm. —Travay 15:2, 6, 12-14, 22; Galat 2:7-10.

Jezi te bay disip li yo misyon pou yo kontinye travay predikasyon ak travay ansèyman li te kòmanse a (Matye 28:19, 20). Li te menm di: “Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute.” ​(Lik 10:16). Anplis de sa, li te pwomèt lespri sen oswa fòs aktif Bondye t ap ba yo pisans yo bezwen an pou yo fè travay sa a. Donk, lè apot yo oswa konpayon travay ki te kolabore deprè ak yo te demontre aklè yo te beni grasa lespri sen, premye kretyen yo te aksepte liv sa yo tou natirèlman antanke liv Bondye enspire.

Gen kèk ekriven biblik ki te ateste lòt ekriven parèy yo te gen otorizasyon ak enspirasyon Bondye. Pa egzanp, apot Pyè te site lèt Pòl te ekri yo e li te konte yo pami “rès Lekriti” yo (2 Pyè 3:15, 16, Bib Kreyòl La). Pòl, bò kote pa l, te rekonèt se Bondye ki te enspire apot yo ak lòt pwofèt kretyen yo. —Efezyen 3:5.

Pakonsekan, enfòmasyon ki nan Evanjil yo pwouve avèk fòs yo diy de konfyans e yo veridik. Se pa senp lejann ak tire kont yo ye. Se avèk anpil swen Evanjil yo rapòte evènman yo, evènman ki baze sou temwayaj moun ki te la nan epòk la, e se lespri sen Bondye ki te enspire ekriven yo.

Ki moun ki te etabli kanon Bib la?

Apre tout sa nou sot di yo, gen kèk ekriven ki otè liv ki deklare se plizyè syèk apre sa yon legliz anperè Konstanten te bay pouvwa ki etabli kanon Ekriti grèk kretyen yo. Sepandan, reyalite a montre yon lòt bagay.

Pa egzanp, note sa Oskar Skarsaune, yon pwofesè istwa sou Legliz, di: “Anrapò ak liv yo ekri ki te pou fè pati Nouvo Testaman an ak liv ki pa t pou fè pati l, se pa t janm konsil yon legliz ni yon moun poukont li ki te deside sa [...]. Kondisyon yo te byen etabli e yo te lojik: Ekriti sakre premye syèk epòk nou an apot yo oubyen konpayon travay yo te ekri, moun te konsidere yo kòm bagay ki fyab. Lòt ekriti, lòt lèt oswa lòt ‘evanjil’ yo te vin ekri annapre, pa t ladan yo [...]. Esansyèlman, mwayen pou detèmine liv ki fè pati Kanon Nouvo Testaman an te fin konplete byen anvan Konstanten e byen anvan legliz li te bay pouvwa a te etabli. Se te legliz kote moun te sibi pèsekisyon pou lafwa yo e non pa legliz ki te gen pouvwa a ki te ban nou Nouvo Testaman an.”

Ken Berding, yon pwofesè ki konsakre l nan travay fè rechèch sou Ekriti grèk kretyen yo, fè kòmantè sa a konsènan fason kanon Bib la te vin etabli: “Se pa Legliz ki te etabli yon kanon selon chwa pa l. Li pi bon pou nou di se Legliz ki te vin rekonèt liv sa yo kretyen yo te toujou konsidere kòm Pawòl Bondye.”

Sepandan, èske se senpleman kretyen enb sa yo ki t ap viv nan premye syèk la ki te chwazi kanon an? Bib la di nou gen yon bagay ki pi enpòtan lontan e ki gen pisans ki te ann aksyon.

Selon Bib la, youn nan don estrawòdinè lespri te bay kongregasyon kretyen premye deseni apre l te fin fòme, se te kapasite pou yo “konprann pawòl enspire yo”. (1 Korentyen [1 Korent] 12:4, 10, NW.) Konsa, lespri sen te bay kèk nan kretyen sa yo yon kapasite espesyal pou yo konprann diferans ki genyen ant pawòl Bondye te enspire toutbonvre ak pawòl Li pa t enspire. Se poutèt sa kretyen jodi a mèt gen konfyans nan Ekriti nou jwenn nan Bib la, piske yo te deja rekonèt yo antanke pawòl Bondye enspire.

Li klè, kanon Bib la te etabli anba direksyon lespri sen byen lontan. Nan fen dezyèm syèk epòk nou an, kèk ekriven te fè kòmantè sou lefètke kanon Bib la veridik. Sepandan, se pa ekriven sa yo ki te etabli kanon an. Yo te senpleman sètifye pawòl reprezantan Bondye lespri sen t ap gide yo kòm pawòl Bondye te deja aksepte.

Ansyen maniskri yo bay bonjan prèv tou ki demontre yo apiye kanon an, kanon jeneralman moun aksepte jodi a. Gen plis pase 5 000 maniskri Ekriti grèk yo ki ekri nan lang orijinal la. Ladan yo, gen kèk ki te la depi dezyèm ak twazyèm syèk epòk nou an. Se maniskri sa yo, non pa liv apokrif yo, yo te konsidere antanke liv Bondye enspire nan premye syèk yo nan epòk nou an. E se poutèt sa yo te fè anpil kopi e yo te distribye yo.

Sepandan, pi gwo prèv ki montre Ekriti grèk yo veridik se sa nou jwenn anndan kanon Bib la. Liv ki fè pati kanon Ekriti grèk yo ann amoni ak “modèl pawòl ki pwofitab” nou jwenn nan rès Bib la (2 Timote 1:13, NW). Yo ankouraje moun pou yo renmen Jewova, pou yo adore l, pou yo sèvi l, epi yo bay avètisman kont sipèstisyon, sèvi demon, adorasyon moun oswa bèt. Istwa yo rakonte yo egzak e yo gen pwofesi veridik ladan yo. Anplis de sa, yo ankouraje lektè yo pou yo renmen pwochen yo. Bagay sa yo se mak fabrik Ekriti grèk yo. Èske nou ka di menm bagay la tou pou liv apokrif yo?

Poukisa liv apokrif yo diferan?

Liv apokrif yo toutafè diferan ak liv ki fè pati kanon Bib la. Yo te ekri liv apokrif yo nan zòn mwatye dezyèm syèk epòk nou an, lontan apre yo te fin ekri liv ki fè pati kanon Bib la. Yo prezante Jezi ak relijyon krisyanis la yon fason ki pa ann amoni ak Ekriti enspire yo.

Pa egzanp, nan Evanjil Toma a, yon liv apokrif, yo prezante Jezi kòm yon moun k ap di yon seri pawòl dwòl, tankou l ap transfòme Mari an gason pou l ka antre nan Wayòm syèl la. Nan liv Evanjil Toma sou anfans Jezi a, yo fè konprann Jezi te yon timoun mechan. Li te fè espre li pwovoke lanmò yon lòt timoun parèy li. Travay apot Pòl ak Travay apot Pyè, de liv apokrif, mete aksan sou lefètke kretyen yo pa dwe gen relasyon seksyèl ditou, e yo menm montre apot yo k ap ankouraje kretyèn yo pou yo separe ak mari yo. Evanjil Jida a reprezante Jezi k ap ri disip li yo poutèt y ap priye Bondye lè yo pral manje. Ide sa yo depaman ak sa nou jwenn nan liv ki fè pati kanon Bib la. —Mak 14:22; 1 Korentyen 7:3-5; Galat 3:28; Ebre 7:26.

Plizyè nan liv apokrif yo reflete kwayans moun nostik yo, ki panse Jewova, Kreyatè a, pa yon Dye ki gen bonte lakay li. Anplis de sa, yo kwè rezirèksyon an se pa yon bagay k ap fèt yon fason literal, tout bagay ki fizik se move bagay e se Satan ki sous maryaj ak kapasite moun genyen pou fè pitit.

Gen plizyè liv apokrif, yo di se pèsonaj biblik ki ekri yo, men se pa vre ditou. Èske te gen yon konplo anba tab ki te fèt pou liv sa yo pa t fè pati Bib la? Men sa Montague Rhodes James, yon espesyalis nan kesyon liv apokrif, di: “Pa gen kesyon te gen yon moun ki te wete yo nan Nouvo Testaman an: se yo menm menm ki wete tèt yo.”

Gen ekriven biblik ki te avèti gen yon apostazi k ap vini

Nan liv ki fè pati kanon Bib la, nou jwenn anpil avètisman konsènan apostazi ki t ap gen pou devlope a pou kòwonp kongregasyon kretyen an. Anfèt, apostazi sa a te kòmanse depi nan premye syèk la, men apot yo te anpeche l gaye (Travay 20:30; 2 Tesalonisyen 2:3, 6, 7; 1 Timote 4:1-3; 2 Pyè 2:1; 1 Jan 2:18, 19; 4:1-3). Avètisman sa yo fè limyè sou yon seri liv ki te kòmanse parèt apre lanmò apot yo, liv ki te an kontradiksyon ak ansèyman Jezi yo.

Tou natirèlman, pou kèk moun k ap fè rechèch e pou kèk istoryen, dokiman sa yo ka parèt ansyen e respektab. Men, ann fè yon ti reflechi: Ki sa k t ap pase si jodi a kèk moun k ap fè rechèch ta konpile yon bann dokiman enprime ki pa fyab, petèt yo pran yo nan peryodik k ap rapòte zen e nan piblikasyon sèk relijye ki ekstremis, e chèchè sa yo ta byen fèmen dokiman sa yo nan yon kòf? Èske avèk letan dokiman sa yo t ap veridik e yo t ap fyab? Si 1 700 ane pase sou yo, èske manti ak pawòl ki pa vo anyen ki nan dokiman sa yo t ap tounen verite tou senpleman paske dokiman sa yo la lontan?

Non, jamè! Se menm bagay la ki rive ni pou sipozisyon ki di Jezi te marye ak Mari Magdalèn nan ni pou lòt pawòl dwategòch ki nan liv apokrif yo. Pou ki rezon pou nou mete konfyans nou nan sous ki pa fyab sitou lè nou genyen sous ki fyab ki disponib? Tout bagay Bondye vle nou konnen konsènan Pitit li a, yo disponib nan Bib la, yon liv ki fyab.

^ § 3 Ekspresyon “kanon Bib la” fè referans ak koleksyon liv ki konpoze Bib la e ki bay bonjan prèv yo se liv Bondye enspire. Gen 66 liv yo rekonèt jeneralman kòm liv ki fè pati kanon Bib la. Yo chak se yon pati endispansab nan Pawòl Bondye a, e se yo tout ansanm ki fè Bib la.