Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Anseye timoun ou yo pou yo vin moun ki responsab

Anseye timoun ou yo pou yo vin moun ki responsab

George *: “Chak maten, se menm bagay la. Michael, pitit gason m nan, ki gen katran, gaye tout jwèt li yo toupatou nan kay la. M te eseye fè l ranmase yo epi ranje yo nan plas yo anvan m fè l al dòmi. Men, Michael te fache anpil, li te tonbe rele epi li t ap fè malelve. Pafwa, m te tèlman enève, m te menm rele sou li, sa te konn lakòz ni Michael ni mwen menm santi nou mal. M te vle kounye a pou lè lè a rive pou n al dòmi pou nou fè sa ak kè kontan. Se sa k fè m te vin bay legen, m te annik ranmase jwèt yo poukont mwen epi m ranje yo nan plas yo.”

Emily: “Pwoblèm yo te kòmanse lè pitit fi m nan, Jenny, te gen 13 an, li te difisil pou l rive konprann esplikasyon pwofesè lekòl li a t ap bay pou yon devwa li te gen pou l fè. Lè Jenny te rive lakay li apre l sot lekòl la, li tonbe kriye pandan inèdtan. M te ankouraje l mande èd nan lekòl la, men Jenny pa t sispann di kòman pwofesè a te di avè l e li pa t santi l te gen kouraj pou l t al pale ak pwofesè a. M te anvi al nan lekòl la epi pale ak pwofesè a pou m di l egzakteman sa m panse de li. M te santi pa gen pèsonn ki te gen dwa fè tipitit mwen an santi l tris konsa!”

ÈSKE W konn santi w menm jan ak George ak Emily? Menm jan ak paran sa yo, anpil paran santi li pa fasil pou yo wè pitit yo ap debat poukont yo anba yon pwoblèm oubyen pou yo wè kè yo pa kontan. Se yon bagay ki natirèl pou paran yo vle fè sa yo kapab pou yo pwoteje pitit yo. Men, sitiyasyon ki te prezante nan ka George ak Emily nan entwodiksyon atik sa a bay paran yo opòtinite pou yo anseye pitit yo yon bèl leson k ap ede yo vin moun ki responsab. Sa klè, leson yon timoun katran kapab aprann ak leson yon timoun trèzan kapab aprann pa menm.

Li klè, ou pap toujou kapab la pou w pwoteje pitit ou kont tout pwoblèm ki gen nan lavi a. Avèk letan, yon timoun gen pou l kite papa l ak manman l pou l pote pwòp “chay pa li”, sètadi pou l pran responsablite l (Galat 6:5; Jenèz 2:24). Pou paran yo prepare timoun yo pou yo kapab pran swen tèt yo, yo dwe rete konsantre sou objektif pou yo montre yo enpòtans pou yo vin adilt ki pa wè tèt yo sèlman, ki pran ka lòt moun e ki responsab. Se pa yon travay fasil!

Erezman, Jezi te kite yon bèl egzanp ki ka ede paran yo jwe wòl yo nan fason li te konn boule ak disip li yo. Jezi pa t gen pitit. Sepandan, objektif li te genyen lè l te chwazi disip li yo e lè l te ba yo fòmasyon se te pou prepare yo pou yo te kapab kontinye travay la menm apre li ta fin monte nan syèl (Matye 28:19, 20). Objektif Jezi te reyisi atenn ak disip li yo sanble ak objektif tout paran ta renmen atenn lè yo anseye yon timoun pou l vin tounen yon moun ki responsab. Annou egzamine sèlman twa fasèt nan egzanp Jezi kite pou paran yo.

‘Bay timoun ou egzanp.’

Jis anvan l mouri, Jezi te di disip li yo: “Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.” ​(Jan 13:15). Menm jan an tou, paran yo bezwen non sèlman esplike timoun yo egzakteman sa sa vle di pou yon moun responsab, men tou yo dwe ba yo egzanp.

Mande tèt ou: ‘Èske m toujou pale sou responsablite m genyen yo yon fason ki pozitif? Èske m pale sou satisfaksyon mwen jwenn lè m travay di pou m ede lòt moun? Oubyen èske m toujou ap plenyen epi m toujou ap konpare tèt mwen ak lòt moun ki sanble pi byen pase m?’

Se vre, pèsonn pa pafè. Nou tout konn santi nou about pafwa. Men egzanp ou bay se petèt pi gwo fason ou kapab ede pitit ou yo wè enpòtans ak valè sa genyen lè yon moun responsab.

MEN SA W KA FÈ: Depi sa posib pou ou, detanzantan, mennen pitit gason w oswa pitit fi w avè w kote w ap travay la epi montre l ki travay w ap fè pou w ka jwenn lajan pou w pran swen fanmi an. Si w konnen yon moun bezwen èd, ou kapab al ede l ansanm ak pitit ou. Apre sa, chita pale ak timoun nan sou plezi ou te jwenn nan ede moun sa a.—Travay 20:35.

Se pou w rezonab.

Jezi te admèt sa t ap pran yon ti tan anvan disip li yo vin pare pou yo jwe wòl li te atann yo t apral jwe epi pou yo kapab pran responsablite li t apral konfye yo. Men sa l te di yo yon lè: “Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m di nou, men nou pa ka konprann yo kounyeya.” ​(Jan 16:12). Jezi pa t prese mande disip li yo fè anyen poukont yo. Men, li te pito pase bonkou tan avèk yo pou li anseye yo anpil bagay. Se sèlman lè Jezi te wè disip li yo pare, li te voye yo poukont yo.

Menm jan an tou, li pa saj pou paran yo mande timoun yo pote chay granmoun sou do yo san yo poko pare pou sa. Menmsi li pa rezonab pou yo fè sa, tank timoun yo ap grandi, paran yo dwe deside ki responsablite ak ki travay ki nan nivo pitit yo. Pa egzanp, paran yo dwe anseye pitit yo pou yo pran responsablite yo lè yo pran swen kò yo, lè yo pwòpte chanm yo, lè yo respekte lè e lè yo byen jere lajan yo. Lè yon timoun kòmanse al lekòl, paran yo dwe atann aske li konsidere devwa yo ba li lekòl la kòm yon responsablite ki enpòtan.

Paran yo pa dwe annik bay timoun yo travay pou yo fè. Yo dwe ede yo tou nan efò y ap fè pou yo reyisi fè travay yo konfye yo. George, papa yo te pale de li nan entwodiksyon an, te vin konprann youn nan rezon ki fè Michael te konn fache lè yo mande l ranje jwèt li yo nan plas yo se paske li te santi travay la twòp pou li. George di: “Olye m te annik rele sou Michael pou m fè l ranmase jwèt li yo, mwen te eseye montre l yon metòd fasil pou l ranje yo.”

Ki sa George te fè egzakteman? Men sa l di: “Premyèman, mwen fikse yon lè pou nou ranmase jwèt yo chak swa. Apre sa, mwen travay ansanm ak Michael pou nou netwaye chanm nan moso pa moso. Mwen te fè travay la vin tankou yon jwèt, yon jwèt kote nou t ap wè kiyès ki t ap kapab travay pi vit. Sa pa t pran anpil tan pou aktivite sa a te vin tounen yon woutin, yon bagay nou fè chak swa anvan n al kouche. Mwen te pwomèt Michael si li fè travay la pi vit, m ap li yon istwa anplis pou li anvan n al dòmi. Men si li pa ta fè travay la vit, tan nou pase nan li istwa a t ap vin pi kout.”

MEN SA W KA FÈ: Fè yon ti reflechi sou ki èd rezonab chak pitit ou yo kapab bay selon kapasite yo pou tout bagay mache nan kay la san pwoblèm. Mande tèt ou: ‘Èske gen kèk bagay mwen kontinye fè pou pitit mwen yo alòske yo ta kapab fè yo poukont yo?’ Si se konsa sa ye, travay ansanm avèk yo jiskaske ou fin asire w yo kapab fè travay sa yo poukont yo. Esplike timoun yo yon fason ki byen klè fason yo fè travay yo ap fè yo jwenn swa pinisyon, swa rekonpans. Apre sa, ba yo pinisyon oswa rekonpans jan w te pwomèt yo a.

Byen esplike yo sa pou yo fè.

Jezi te konnen, menm jan ak tout bon pwofesè, pi bon fason pou yon moun aprann se lè l pratike sa l ap aprann nan. Pa egzanp, lè Jezi te santi moman an te rive pou sa, li te voye disip li yo “devan l de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l ale”. (Lik 10:1.) Li pa t annik lage yo poukont yo san okenn enstriksyon. Anvan li te voye yo, li te ba yo yon seri enstriksyon byen klè (Lik 10:2-12). Lè disip yo te retounen e yo t ap rakonte bon rezilta travay yo te fè, Jezi te felisite yo e li te ankouraje yo (Lik 10:17-24). Li te di yo jan li gen konfyans nan kapasite yo genyen pou yo fè travay la e li te fè yo konnen yo gen apwobasyon l.

Lè pitit ou gen responsablite ki difisil pou li, ki jan ou reyaji? Èske w eseye pwoteje l kont tout sa ki ka fè l pè, kont desepsyon ak echèk li ka jwenn? Premye reyaksyon w ka genyen se “sove”pitit ou a oswa pote chay la pou li.

Fè yon ti reflechi: Chak fwa ou kouri fè sa w kapab pou w “sove”pitit ou, ki mesaj ou voye ba li? Èske w montre ou gen konfyans nan li e ou kwè toutbon nan kapasite li genyen pou l pran responsablite l? Oubyen èske se pa di w ap di l ou panse se yon timaymay li ye ki dwe apiye sou ou pou w fè tout bagay pou li?

Pa egzanp, ki jan Emily, nou te pale de li nan entwodiksyon an, te debouye l ak tètchaje pitit fi li a? Olye li te kouri pran pwoblèm Jenny, pitit li a, pou li, li te deside kite l al pale ak pwofesè a. Ansanm, Emily ak Jenny te fè yon lis kesyon Jenny t ap gen pou l poze pwofesè a. Apre sa, yo te diskite sou ki lè k ap pi bon pou l pale ak pwofesè a. Yo te menm fè yon ti demonstrasyon sou ki jan konvèsasyon an ta kapab dewoule. Men sa Emily rakonte: “Jenny te ranmase kouraj li pou l pale ak pwofesè li a, e pwofesè a te felisite l paske li te deside vin pale avè l. Jenny te santi li fyè de tèt li, e mwen menm, mwen te fyè de li tou.”

MEN SA W KA FÈ: Ekri pwoblèm pitit ou ap rankontre kounye a. Bò kote pwoblèm nan, ekri ki sa ou kapab fè pou w ede pitit ou a afwonte pwoblèm nan san w pa “sove” li. Fè yon demonstrasyon ak pitit ou sou etap li bezwen franchi pou l rezoud pwoblèm nan. Fè timoun nan konnen ou gen konfyans nan kapasite li genyen pou l afwonte sitiyasyon an.

Si toutan w ap pwoteje pitit ou yo kont pwoblèm y ap rankontre, an reyalite, se petèt anpeche w ap anpeche yo devlope kapasite pou yo aprann rezoud pwoblèm yo rankontre nan lavi a. Olye de sa, se pou w bati pitit ou yo lè w anseye yo pou yo aprann pran responsablite yo. Si w fè sa, se pi gwo kado w ap ba yo!

^ § 3 Yo chanje non yo.

MANDE TÈT OU...

  • Èske m rezonab nan sa m ap atann de pitit mwen?

  • Èske m esplike l epi m montre l ki sa l bezwen fè pou l reyisi?

  • Ki dènye fwa mwen te ankouraje pitit mwen oswa m te felisite l?