Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lapriyè — Èske sa ka ede nou?

Lapriyè — Èske sa ka ede nou?

ÈSKE lè yon moun priye sa ede l? Dapre Labib, lè sèvitè Bondye ki fidèl yo priye l, yo jwenn byenfè (Lik 22:40; Jak 5:13). An reyalite, lapriyè ka ede nou anpil ni nan domèn espirityèl, ni nan domèn afektif, ni nan domèn sante. Ki jan?

Pa egzanp, ann di ou gen yon pitit ki resevwa yon kado. Èske w t ap aprann li sa k enpòtan se annik gen rekonesans nan kè l pou moun ki ba l kado a? Oubyen, èske w t ap aprann li pou l montre li gen rekonesans? Lè nou di sa nou santi nan kè nou, nonsèlman sa fè nou reflechi sou santiman nou genyen yo, men sa ka menm fè yo vin pi fò. Èske sa vrè tou lè se ak Bondye n ap pale? Sètènman! Ann pran kèk egzanp.

Priyè pou di Bondye mèsi. Lè nou remèsye Papa nou ki nan syèl la pou bon bagay ki rive nou, sa ede nou konsantre sou benediksyon nou jwenn. Sa ka fè nou gen plis rekonesans, plis kè kontan, e nou kapab vin pi pozitif. —Filipyen 4:6.

Egzanp: Jezi te montre li gen rekonesans pou Papa l paske Papa l te konn koute priyè l e li te konn reponn yo. —Jan 11:41.

Priyè pou nou mande padon. Lè nou mande Bondye padon, sa fè konsyans nou fonksyone pi byen, nou vin pi regrèt sa nou te fè a e nou vin rann nou kont pi plis jan sa nou te fè a grav. Epitou, kòm nou pa santi nou koupab ankò, nou pa santi nou gen chay sou do nou ankò.

Egzanp: David te priye pou l di jan l regrèt sa l te fè a e pou l te eksprime tristès li. —Sòm 51.

Priyè pou nou jwenn direksyon ak sajès. Lè nou priye Jewova pou l gide nou oubyen pou l ban nou sajès nou bezwen pou nou pran bon desizyon, sa ka ede nou gen bonjan imilite. Sa ka fè nou sonje nou gen limit e sa ka ede nou mete konfyans nou nan Papa nou ki nan syèl la. —Pwovèb 3:5, 6.

Egzanp: Avèk imilite, Salomon te mande Bondye ba l direksyon ak sajès pou l dirije Izrayèl. —1 Wa 3:5-12.

Priyè nou fè lè nou dekouraje. Si nou ouvri kè nou bay Bondye lè nou santi nou twouble, n ap santi nou soulaje, e lè nou fè sa, n ap pran abitid konte sou Jewova olye nou konte sou pwòp tèt nou. —Sòm 62:8.

Egzanp: Wa Aza te priye lè l t ap fè fas ak yon ènmi ki danjere. —2 Kwonik 14:11.

Priyè pou moun ki gen pwoblèm. Lè nou fè jan de priyè sa yo, sa ap ede nou konbat tandans nou ta ka genyen pou nou egoyis, sa ap ede nou gen konpasyon pou lòt moun, e n ap kapab mete nou nan plas yo.

Egzanp: Jezi te konn priye pou disip li yo. —Jan 17:9-17.

Priyè pou nou louwe Bondye. Lè nou louwe Jewova pou bèl bagay li fè e pou bèl kalite l yo, n ap vin gen plis respè ak apresyasyon pou li. Priyè sa yo kapab ede nou tou pou nou pwoche pi pre Jewova, Bondye nou an, Papa nou.

Egzanp: David te louwe Bondye anpil pou sa l kreye. —Sòm 8.

Yon lòt benediksyon nou jwenn lè nou priye se “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”. (Filipyen 4:7.) Se pa yon bagay ki fasil pou moun jwenn nan monn tètchaje sa a. Sa gen bon efè menm sou kò nou (Pwovèb 14:30). Men, èske se grasa efò pa nou n ap rive jwenn lapè? Oubyen, èske gen yon bagay ki pi enpòtan pase nou ki jwe yon wòl nan sa?

Lè nou priye, nou jwenn anpil byenfè nan domèn sante, nan domèn afektif, e sitou nan domèn espirityèl.