Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se tout bon moun ki pral nan syèl?

Èske se tout bon moun ki pral nan syèl?

Konvèsasyon ak yon moun nan vwazinaj la — Èske se tout bon moun ki pral nan syèl?

TEMWEN JEWOVA YO renmen pale de Labib ak pwochen yo. Èske gen yon sijè nan Bib la ou konn ap poze tèt ou kesyon sou li? Èske w ta renmen gen enfòmasyon sou nenpòt nan kwayans Temwen Jewova yo genyen oswa sou fason yo adore Bondye? Si se sa, pa pè poze yo kesyon pwochèn fwa ou rankontre youn. L ap byen kontan pale sou sijè sa yo avè w.

Konvèsasyon ki annapre a se stil konvèsasyon yon Temwen Jewova te ka genyen avèk yon moun nan vwazinaj li. Ann imajine gen yon Temwen Jewova ki rele Mak ki rive lakay yon mesye ki rele Woni.

Ki sa moun ki pral nan syèl yo pral fè?

Mak: Lè w ap reflechi sou lavni, dapre ou menm, èske bagay yo ap vin pi bon oubyen y ap vin pi mal oubyen y ap ret menm jan an?

Woni: M panse bagay yo ap vin pi bon. M ap tann pou m al nan syèl pou m ka ansanm ak Seyè a.

Mak: Ala yon bèl esperans sa ye! Bib la bay anpil enfòmasyon sou jan syèl la ye e li montre se yon privilèj pou yon moun al nan syèl. Èske w konn reflechi sou sa moun sa yo pral fè nan syèl la?

Woni: Nou pral ansanm ak Bondye e nou pral ba l louwanj pou toutan.

Mak: Se vre, se yon bèl avni k ap tann moun sa yo. Men, yon bagay enteresan, sèke Bib la pa pale sèlman sou privilèj moun ki pral nan syèl yo pral jwenn men li di tou moun sa yo pral gen yon gwo responsablite.

Woni: Ki responsablite yo pral genyen?

Mak: Nan Revelasyon 5:10 yo pale de responsablite sa a. Men sa vèsè a di: “Ou [Jezi] fè yo vin wa, ou fè yo vin prèt pou Bondye nou an, e yo gen pou yo dirije tè a antanke wa.” Woni, èske w remake ki responsablite moun ki pral nan syèl yo pral genyen?

Woni: Vèsè a di yo gen pou yo dirije tè a antanke wa.

Mak: Sa enteresan, pa vre?

Ki moun yo pral dirije?

Mak: Kounye a, w ap dakò avè m si moun ki pral nan syèl yo ap gen pou yo dirije antanke wa sa vle di, yo dwe gen moun pou yo dirije? Dayè, ki enpòtans yon gouvènman genyen si pa gen moun pou l dirije?

Woni: M konprann rezònman w lan.

Mak: Kidonk, li lojik pou nou poze kesyon sa a: Ki moun yo pral dirije?

Woni: Mwen panse nou pral dirije moun k ap viv sou tè a ki poko mouri e ki poko monte nan syèl.

Mak: Sa t ap sanble rezonab si tout bon moun yo t al nan syèl. Men gen yon lòt posiblite nou ka konsidere. Èske l posib pou kèk moun, kèk bon moun pa al nan syèl?

Woni: M poko janm tande yon kretyen kwè yon bagay konsa.

Mak: Se pawòl mwen li nan Sòm 37:29 (NW) la ki fè m poze kesyon sa a. Èske w vle li vèsè sa a pou mwen?

Woni: Dakò. Li di: “Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan.”

Mak: Mèsi. Ou remake ki kote li di anpil bon moun pral viv?

Woni: Vèsè a di y ap rete sou tè a.

Mak: Trè byen, vèsè a pa di se jis pou yon ti tan tou kout. Li di: “Y ap rete sou li pou toutan.”

Woni: Petèt sa ka vle di ap toujou gen bon moun sou tè a. Lè nou mouri epi n al nan syèl, lòt bon moun ki vin fèt sou tè a ap ranplase nou.

Mak: Gen anpil moun ki ka konprann vèsè a konsa. Men, èske l posib pou vèsè a vle di yon lòt bagay? Èske l pa ka vle di se bon moun yo menm k ap ret sou tè a pou toutan?

Woni: M pa fin konprann sa w vle di a.

Tè a pral tounen yon paradi

Mak: Ebyen, ann gade ki sa yon lòt vèsè nan Bib la di sou jan lavi pral ye sou tè a. Annou li Revelasyon 21:4. Anpalan de moun ki pral viv nan epòk sa a, vèsè a di: “L ap [Bondye] siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” Èske se pa yon bèl avni k ap tann moun sa yo?

Woni: Wi. Men, m panse vèsè a ap pale de jan lavi a pral ye nan syèl la.

Mak: Se vre, moun ki pral nan syèl yo ap jwenn menm benediksyon sa yo. Men, gade vèsè a ankò. Ki sa li di ki pral rive lanmò?

Woni: Li di “pap gen lanmò ankò.”

Mak: Se sa. Kounye a, mwen sèten w ap dakò avè m, pou yo di yon bagay pap la ankò fò bagay la te egziste deja.

Woni: Se nòmal.

Mak: Men, pa t janm gen lanmò nan syèl la, pa vre? Se sèlman sou tè a moun mouri.

Woni: Hmm. M dwe reflechi sou pwen sa a.

Mak: Ou konprann sa m vle di a Woni. Bib la anseye gen kèk bon moun ki pral nan syèl men gen anpil lòt bon moun se sou tè a y ap viv pou toutan. Mwen sèten ou konn tande pawòl selèb sa yo: “Benediksyon pou moun ki dou, paske latè va eritaj yo.” — Matye 5:5, Bib Kreyòl La.

Woni: Wi, Mwen konn tande yo li vèsè sa a plizyè fwa nan legliz la.

Mak: Si moun ki dou yo pral eritye tè a, èske sa pa vle di tè a ap toujou gen moun k ap viv sou li? Se moun k ap viv sou tè a ki pral jwenn benediksyon liv Revelasyon an te anonse a. Yo pral wè monn n ap viv ladan lan chanje nèt paske Bondye pral elimine tout bagay ki mal san wete lanmò.

Woni: Mwen wè kote ou vle rive a, men m pa kwè youn oubyen de vèsè nan Bib la sifi pou w konvenk mwen.

Mak: Se vre. An reyalite, gen anpil vèsè nan Bib la ki esplike jan lavi a pral ye sou tè a alavni. Petèt, si w gen yon ti tan, mwen ka montre w youn nan vèsè mwen pi renmen yo?

Woni: Wi, ou ka montre m li.

“Mechan an pap la ankò”

Mak: Ou sonje, nou te li Sòm 37:29. Annou retounen nan Sòm sa a. Fwa sa a, nou pral li vèsè 10 e 11 (NW). Èske w vle li vèsè sa yo pou mwen?

Woni: Mèwi. “E nan yon tikras tan, mechan an pap la ankò. Wi, w ap gade kote l te ye a, e li pap la. Men moun ki enb yo yo menm, yo pral posede tè a. E vrèmanvre, yo pral pran tout plezi yo nan lapè ki pral genyen ann abondans.”

Mak: Mèsi. Gade vèsè 11 lan, ki kote “moun ki enb yo” oubyen bon moun yo pral viv?

Woni: Li di yo “pral posede tè a.” Men, mwen panse vèsè sa a ap reyalize kounye a, paske gen bon moun k ap viv sou tè a jodi a.

Mak: Se vre sa w di a. Men, w ap remake vèsè a di tou bon moun yo pral pran tout plezi yo nan “lapè ki pral genyen ann abondans.” Pa gen lapè sou tè a jodi a, se pa vre?

Woni: Wi, pa gen lapè vre.

Mak: Bon, ki fason pwomès sa a pral reyalize? Ann pran yon egzanp: Imajine ou se mèt yon gwo kay ki gen plizyè apatman e ou lwe kèk moun kay la. Gen nan lokatè yo se bon moun yo ye. Yo pran swen kay la e yo fè efò pou yo gen bon relasyon ak vwazen yo. Ou byen kontan lwe moun konsa kay ou. Men, gen lòt moun se move lokatè yo ye; yo pa pran swen kay la e yo rann lavi a difisil anpil pou vwazen yo. Kounye a, si move lokatè yo refize chanje, ki sa w t ap fè?

Woni: Mwen t ap mete yo deyò.

Mak: Se menm bagay la Bondye pral fè moun ki mechan k ap viv bò kote nou jodi a. Gade vèsè 10 la ankò. Li di: “Mechan an pap la ankò.” Sa vle di, Bondye pral “mete” moun k ap bay pwoblèm yo “deyò”. Lè sa a, bon moun yo ap ka pwofite lavi sou tè a nan lapè. Mwen panse ansèyman ki fè nou konnen bon moun yo pral viv sou tè a pou toutan an diferan parapò ak sa yo te anseye w anvan.

Woni: Wi, mwen pa janm tande yon ansèyman konsa nan legliz mwen.

Mak: E jan w te deja di sa, li pa sifi pou nou egzamine youn oswa de vèsè sèlman sou sijè a. An reyalite, nou bezwen egzamine tout sa Bib la di sou sa Bondye rezève pou bon moun yo alavni. Men, dapre vèsè nou te li yo jodi a, èske w panse l posib pou gen kèk bon moun k al viv nan syèl pandan gen anpil lòt bon moun k ap viv sou tè a pou toutan?

Woni: M pa fin kwè sa. Men, mwen dwe admèt vèsè ou sot li avè m yo montre sa. M pral reflechi plis sou sa.

Mak: Pandan w ap reflechi plis sou sijè sa a, ou ka gen lòt kesyon ki vin nan tèt ou. Pa egzanp, ki kote bon moun ki te viv anvan nou yo ye? Èske yo tout al nan syèl? Sinon, ki kote yo ye kounye a?

Woni: Kesyon sa yo enteresan.

Mak: Mwen kapab fè de bagay pou ou. Toudabò, ban m ekri kèk vèsè ki pale sou sijè sa a pou ou *. Ansuit, lè w fin li vèsè yo e w fin reflechi sou yo, mwen ta renmen retounen pou nou pale sou yo. Sa w panse?

Woni: Wi, m panse se yon bon ide. M ap byen kontan. Mèsi.

[Nòt anba paj]