Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LEKTÈ NOU YO TA RENMEN KONNEN

Èske Jezi te pwomèt malfektè a lavi nan syèl la?

Èske Jezi te pwomèt malfektè a lavi nan syèl la?

Rezon ki fè anpil moun poze kesyon sa a se paske Jezi te pwomèt bandi yo te kloure sou poto a, bandi ki te bò kote l la, pou l viv nan Paradi a. Men sa Jezi te di: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avèk mwen nan Paradi a.” (Lik 23:43). Remake Jezi pa t di ki kote Paradi a t ap ye. Donk, èske sa vle di Jezi te pwomèt malfektè a li t ap avè l nan syèl la?

Toudabò, ann egzamine pou n wè si bandi a te kalifye pou l al viv nan syèl la. Moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl la se moun ki batize nan dlo epi Bondye batize yo ak lespri sen. Konsa, yo vin disip Jezi e Bondye chwazi yo grasa lespri sen (Jan 3:3, 5). Yon lòt bagay yo bezwen fè se viv ann amoni ak prensip Bondye yo nan domèn moral e yo dwe demontre kalite tankou onètete, entegrite ak konpasyon (1 Korentyen 6:9-11). Anplis de sa, yo dwe rete fidèl ak Bondye e yo dwe rete fidèl ak Kris jiskaske yo mouri (Lik 22:28-30; 2 Timote 2:12). Se sèl lè yo ranpli kondisyon sa yo y ap ka montre yo diy pou yo resisite e yo kalifye pou gwo travay k ap tann yo nan syèl la, sa vle di dirije avèk Kris pandan mil an antanke wa ak prèt. — Revelasyon 20:6.

Kontrèman ak kondisyon yon moun dwe ranpli pou l ka al viv nan syèl la, malfektè ki te bò kote Jezi a te yon bandi e li te mouri kòm yon bandi (Lik 23:32, 39-41). Se vre li te montre l gen respè pou Jezi lè l te di Jezi: “Sonje m lè w vin wa.” (Lik 23:42). Sepandan, li pa t batize, li pa t yon disip Jezi e Bondye pa t chwazi l ak lespri sen. Li pa t mennen yon vi ki te ann amoni ak prensip Bondye yo e li pa t montre li se yon moun fidèl. Èske l t ap lojik pou Jezi pwomèt malfektè a pou l al dirije antanke wa nan syèl la bò kote disip fidèl li yo, yo menm ki te montre yo fidèl jiskaske yo mouri? — Women 2:6, 7.

Ann pran yon egzanp: Si yon moun ta mande w padone l paske l te vòlè kòb ou, petèt ou te ka pa fè yo arete l, ou kite sa pase. Men èske w t ap fè moun sa a konfyans pou w ba l jere biznis ou ak pran swen fanmi w? Jamè! Se sèlman moun ou vrèman fè konfyans ou t ap bay responsablite sa a. Menm jan an tou, moun ki resevwa esperans pou y al viv nan syèl la dwe demontre yo se moun yo ka fè konfyans e yo se moun k ap kenbe prensip wo nivo Bondye yo lè y ap dirije limanite (Revelasyon 2:10). Malgre malfektè a te sanble l te sensè nan dènye pawòl li te di Jezi a, sa pa t sifi pou l kalifye pou l al nan syèl la.

Men, èske Jezi pa t di malfektè a li t apral viv avè l nan syèl la menm jou a? Sa pa t ap ka fèt paske Jezi li menm pa t monte nan syèl la jou sa a. Okontrè, li te nan “zantray tè a”, sa vle di tonm, pandan twa jou (Matye 12:40; Mak 10:34). Menm apre Bondye te fin resisite Jezi, Jezi te pase 40 jou sou tè a anvan l te monte nan syèl la (Travay 1:3, 9). Donk, malfektè a pa t ka monte nan syèl la jou sa a pou l ta avèk Jezi.

Ebyen, nan ki Paradi malfektè a t ap ye? Apre malfektè a fin resisite, l ap gen pou l viv nan Paradi sou tè a k ap anba dominasyon Jezi (Travay 24:15; Revelasyon 21:3, 4). Pou w aprann plis sou Paradi a ak sa Bondye vle nou fè, pale ak nenpòt Temwen Jewova.