Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ka fè relijyon konfyans nan zafè konduit?

Èske w ka fè relijyon konfyans nan zafè konduit?

Men sa Sylvia k ap travay nan domèn lasante di: “Nan inivèsite m te ye a te gen yon pakèt elèv ki konn di yo nan yon relijyon. Poutan, yo pran poul nan egzamen e yo pran dwòg. Relijyon yo ye a pa t gen okenn enfliyans sou lavi yo.”

Gen yon mesye ki rele Lionel ki di: “Kòlèg travay mwen yo konn bay manti e yo konn telefone pou yo di yo malad alòske yo pa malad vre. Relijyon se yon bagay yo genyen men yo pa sèvi avè l, li tankou yon mèb yo gen lakay yo, li jis la pou yo fè wè.”

Relijyon yo pa gen okenn gwo enfliyans sou lavi pifò moun ki ladan yo. Jodi a, gen anpil moun ki “parèt gen atachman pou Bondye”, men “y ap aji yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a”. (2 Timote 3:5.) Chèf relijye yo pa bay bon egzanp, ni yo pa bay fidèl yo konsèy ki baze sou Bib la, konsèy k ap ede yo viv yon fason ki dwat. Se pa etonan si anpil moun kwè Bondye pa enterese nan fason y ap viv.

KI SA LABIB ANSEYE?

Bib la montre fason nou aji gen efè sou Bondye e konduit nou gen anpil enpòtans pou li. Nan tan lontan, lè Izrayelit yo te rebele kont Bondye, ‘yo te fè l lapenn’. (Sòm 78:40.) Men, gen gwo “kè kontan nan syèl la” lè yon moun ki sensè chanje move fason li te konn viv (Lik 15:7). Lè yon moun vin apresye bèl kalite Papa nou ki nan syèl la genyen, lanmou li gen pou Bondye ap ogmante, sa ap pouse l renmen sa Bondye renmen e l ap rayi sa Bondye rayi. — Amòs 5:15.

KÒMAN TEMWEN JEWOVA YO YE NAN DOMÈN NAN?

Men sa yon jounal di konsènan Temwen Jewova yo: “Yo ede moun vin gen relasyon solid ak moun nan fanmi yo. Yo se moun ki itil sosyete y ap viv la. Yo se sitwayen ki onèt.” Jounal la ajoute: “Manm li yo kwè nan prensip moral wo nivo. Yo kwè gen kèk pratik ki kraze bon relasyon moun gen ak Bondye, tankou fimen, bwè twòp, pran dwòg, jwe aza, mennen lavi lib, gason k ap fè sèks ak gason, fi ak fi.” (Deseret News of Salt Lake City, Utah, U.S.A.).

Èske chèf relijye yo ede fidèl yo aplike prensip moral wo nivo Bondye bay yo?

Lefètke Temwen yo aprann konnen pèsonalite Jewova genyen, kòman sa ede yo? Sylvia, dam nou te mansyone pi wo a, di: “Li kouran pou moun fè fwod nan afè swen lasante. Li fasil pou moun suiv tandans sa a. Men, lè m konprann jan Jewova * santi l lè moun fè fwod, sa ede m fè sa ki byen. Sa fè m kontan, e sa fè lespri m anpè.” Sylvia sèten lefètke li viv ann amoni ak kwayans li, sa amelyore lavi l.

^ § 9 Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.