Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LEKTÈ NOU YO TA RENMEN KONNEN

Ki sa ki verite sou Nwèl?

Ki sa ki verite sou Nwèl?

Gen plizyè milyon moun nan monn nan ki fete Nwèl pou divès rezon. Gen kèk moun ki renmen fèt sa a paske se yon moman pou yo fete ak zanmi yo ak fanmi yo. Gen lòt moun ki panse ak Bondye nan moman an oswa yo pwofite tan sa a pou yo ede moun ki pòv oswa moun ki nan nesesite. Pa gen dout, kalite aksyon sa yo gen anpil valè. Sepandan, aksyon sa yo anpeche moun wè move kote ki gen nan fèt sa a.

Premyèman, anpil moun ki fete Nwèl kwè se anivèsè nesans Jezi y ap fete. Sepandan, istoryen yo dakò pa gen okenn moun ki konnen dat Jezi te fèt. Gen yon liv ki fè konnen “premye kretyen yo te refize chwazi yon dat nesans pou Jezi” paske yo te vle “evite tout pratik payen”. (The Christian Book of Why.) Yon bagay ki enteresan sèke Bib la pa di anyen ki montre Jezi te konn fete pwòp anivèsè nesans li oubyen anivèsè nesans yon lòt moun. Tandiske Jezi te bay disip li yo lòd pou yo komemore lanmò li. — Lik 22:19.

Dezyèmman, anpil biblis dakò pifò tradisyon ki gen rapò ak Nwèl soti nan koutim moun ki pa kretyen oubyen nan koutim payen. Pami tradisyon sa yo gen tonton Nwèl, itilizasyon yo fè ak plant yo rele gi a, abdenwèl, echanj kado, limen balèn, bich de Nwèl, kouwòn flè pou yo dekore kay ak chante Nwèl. Konsènan kèk nan koutim sa yo, men sa yon liv fè konnen: “Lè nou bay kado Nwèl oubyen nou resevwa kado Nwèl, lè nou pandye fèy vèt nan kay nou oubyen nan legliz nou, konbyen nan nou ki konnen li posib pou se koutim payen n ap suiv?” — The Externals of the Catholic Church.

“Lè nou bay kado Nwèl oubyen nou resevwa kado Nwèl, lè nou pandye fèy vèt nan kay nou oubyen nan legliz nou, konbyen nan nou ki konnen li posib pou se koutim payen n ap suiv?” — The Externals of the Catholic Church.

Sepandan, ou ka ap mande tèt ou: Èske se yon mal si yon moun suiv koutim sa yo ki sanble pa gen anyen mal ladan yo? Pou n jwenn repons lan, ann konsidere twazyèm pwen an. Bondye pa dakò pou yo mele koutim payen ak vrè adorasyon an. Men sa Jewova te sèvi ak pwofèt Amòs pou l te di moun ki te pretann y ap adore l nan Izrayèl tan lontan an: “Mwen pa vle wè gwo fèt n’ap fè pou mwen yo [...]. Sispann chante kantik nou yo nan zòrèy mwen.” — Amòs 5:21, 23.

Poukisa Bondye te di pawòl fèm sa yo? Ann egzamine kèk bagay moun ki te nan wayòm ki nan nò Izrayèl tan lontan an te konn fè. Yawobam, premye wa a, te mete yon ti bèf annò nan vil Dàn ak nan Betèl e li te fè moun yo adore yo olye yo adore Jewova kòmsadwa nan tanp lan ki Jerizalèm. Anplis de sa, wa a te mete gwo fèt sou pye e li te nome prèt pou ankouraje moun yo fete. — 1 Wa 12:26-33.

Ta sanble se yon bon bagay Izrayelit yo te fè. Anfèt, èske se pa t Bondye yo te di yo t ap adore e yo t ap chèche fè plezi ki fè yo te fè tout bagay sa yo? Yon fason klè, pawòl fèm Bondye te di Amòs ak lòt pwofèt yo montre fason Bondye te konsidere pratik sa yo. Men sa Bondye te sèvi ak pwofèt Malaki pou l te di: “Mwen se Jewova, mwen pa chanje.” (Malaki 3:6, NW). Èske pawòl sa yo pa ede nou wè fason Bondye konsidere fèt Nwèl y ap fete nan epòk nou an?

Apre nou fin egzamine verite sa yo, gen plizyè milyon moun ki deside yo pap fete Nwèl. Olye de sa, yo jwenn kè kontan ak bonjan satisfaksyon lè yo pase tan ak zanmi yo ak fanmi yo, epi lè yo ede moun ki pòv ak moun ki nan nesesite yo kèlkeswa moman nan ane a.