Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | YON GOUVÈNMAN KI PA GEN KORIPSYON

Wayòm Bondye a — Yon gouvènman ki pa gen koripsyon

Wayòm Bondye a — Yon gouvènman ki pa gen koripsyon

“Nan fen jounen an, fonksyonè Leta yo toujou rete sitwayen e nou tout nou se pwodui sosyete a.” Se konsa yon responsab odit nan peyi Nikaragwa te esplike rezon ki fè l panse li enposib pou yo elimine koripsyon ki gen nan gouvènman an.

Èske w pa dakò si sosyete a kòwonpi, kèlkeswa gouvènman ki soti nan sosyete a pa ka pa kòwonpi tou? Si se konsa, pou yon gouvènman pa gen koripsyon li pa ta dwe soti nan sosyete a. Se de yon gouvènman konsa Bib la pale, sètadi Wayòm Bondye a, gouvènman Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou li a. — Matye 6:9, 10.

Wayòm Bondye a se yon gouvènman reyèl k ap dirije depi nan syèl la. Li pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo (Sòm 2:8, 9; Revelasyon 16:14; 19:19-21). Pami benediksyon Wayòm nan pral pote pou limanite sèke li pral elimine gouvènman kòwonpi yo. Annou egzamine sis pwen ki ban nou garanti Wayòm nan pap gen koripsyon.

1. POUVWA

PWOBLÈM NAN: Se sitwayen yo ki finanse gouvènman lèzòm yo, byen souvan, yo fè sa nan taks yo peye ak nan lòt sèvis yo peye Leta. Tout lajan sa yo konn tante kèk fonksyonè Leta e sa konn pouse yo vòlè. Gen lòt fonksyonè ki konn aksepte lajan anba anba nan men kèk moun ki vle pou yo diminye kantite lajan y ap peye pou taks ak lòt kòb ankò yo dwe peye gouvènman an. Sa ka vin kreye yon sitiyasyon kote gouvènman an ogmante taks yo pou yo ka jwenn lajan sa yo yo pèdi, e anretou sa fè gen plis koripsyon toujou. Nan yon anviwònman konsa, se moun ki onèt yo ki gendwa soufri plis.

SOLISYON AN: Wayòm Bondye a resevwa pouvwa l genyen an nan men Jewova *, Bondye Toupisan an (Revelasyon 11:15). Li pa bezwen moun peye taks pou l ka fonksyone. Olye de sa, Bondye ki gen “gwo pouvwa” e ki renmen bay la ban nou asirans Wayòm nan pral bay tout moun ki pral viv anba dominasyon l lan sa yo bezwen ann abondans. — Ezayi 40:26; Sòm 145:16.

2. DIRIJAN

PWOBLÈM NAN: Selon Susan Rose-Ackerman, nou te pale de li nan atik ki vin anvan an, efò ki dwe fèt pou lèzòm elimine koripsyon an “dwe kòmanse nan tèt”. Gouvènman yo konn pèdi konfyans moun yo lè y ap eseye elimine koripsyon pami polisye ak ajan dwàn yo toutpandan yo tolere koripsyon lakay gwo fonksyonè Leta yo. Epi menm dirijan imen ki gen plis konsyans lan gen enpèfeksyon lakay li. Jan Bib la di sa, “pa gen moun ki jis sou tè a ki toujou ap fè sa ki byen”. — Eklezyas 7:20, NW.

Jezi te rejte pi gwo òf yo pa t janm fè yon moun nan.

SOLISYON AN: Kontrèman ak lèzòm ki enpafè, Jezi Kris, Moun Bondye chwazi pou dirije Wayòm nan, pa kapab tante pou l fè sa ki mal. Jezi te montre sa lè l te rejte pi gwo òf yo pa t janm fè yon moun nan, sètadi y ap ba l “tout wayòm ki nan monn nan ak glwa ki gen ladan yo”. Dyab la, moun k ap dirije monn nan, te pwomèt Jezi bagay sa yo akondisyon Jezi te fè yon sèl jès adorasyon devan l (Matye 4:8-10; Jan 14:30). Menm lè yo t ap tòtire Jezi e li t apral mouri, li tèlman te detèmine pou l kenbe entegrite l, li te refize pran yon dwòg yo t ap ba li ki te ka soulaje doulè l te genyen, men ki te ka fè l pa gen tout kontwòl sou tèt li (Matye 27:34). Kounye a Bondye rebay Jezi lavi li te genyen antanke Kreyati selès la, Jezi bay prèv li kalifye toutbon pou l dirije Wayòm nan. — Filipyen 2:8-11.

3. STABILITE

PWOBLÈM NAN: Gen anpil peyi ki fè eleksyon regilyèman. An teyori, eleksyon sa yo pèmèt moun yo vote lòt fonksyonè pou ranplase fonksyonè ki kòwonpi yo. Men, reyalite a sèke kanpay elektoral yo ak eleksyon yo konn gen koripsyon, e sa konn rive menm nan peyi yo di ki devlope yo. Grasa kontribisyon moun ki rich yo bay pou kanpay elektoral yo e grasa lòt aksyon yo fè, yo ka enfliyanse ni gwo fonksyonè ki nan gouvènman ki anplas la ni sa k ap vini yo.

John Paul Stevens, yon jij nan Lakou siprèm Etazini, te fè konnen yon enfliyans konsa menase “nonsèlman aspè legal yon gouvènman genyen ak kalite l, men tou, li gen efè sou konfyans moun yo fè gouvènman an”. Se sa k fè, se pa etonan si anpil moun toupatou sou tè a panse se pati politik yo ki gen plis koripsyon pami tout enstitisyon ki genyen.

SOLISYON AN: Piske Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki stab e dominasyon Bondye a ap dire pou toutan, sa retire tout posiblite pou moun fè kanpay elektoral oubyen pou yo fè eleksyon ki gen fwod (Dànyèl 7:13, 14). Etandone se Bondye ki chwazi Dirijan Wayòm nan, se pa eleksyon y ap fè pou yo bay Dirijan an pouvwa ni pou yo retire l sou pouvwa. Lefètke Wayòm nan ap la pou toutan sa ban nou asirans aksyon l yo ap toujou nan enterè moun l ap dirije yo pou toutan.

4. LWA YO

Wayòm Bondye a se yon gouvènman reyèl k ap dirije depi nan syèl la.

PWOBLÈM NAN: Toudabò, ou ka panse si yo fè nouvo lwa sa ka amelyore sitiyasyon an. Sepandan, espesyalis yo remake lè yo ogmante kantite lwa yo, nan anpil ka, sa jis bay plis opòtinite pou gen koripsyon. Mete sou sa, lwa yo fè sitou pou yo diminye koripsyon yo, byen souvan, koute anpil pou yo aplike yo alòske yo pa reyalize anpil bagay.

SOLISYON AN: Lwa Wayòm Bondye a genyen yo pi siperyè lontan pase lwa gouvènman lèzòm yo genyen. Pa egzanp, olye Jezi te bay yon lis ki chaje ak règ sou sa moun dwe fè ak sou sa yo pa dwe fè, li te bay yon prensip yo souvan rele Règ annò a. Men sa Jezi te di: “Se sa k fè, tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” (Matye 7:12). Petèt yon lòt bagay ki pi remakab sèke lwa Wayòm Bondye a genyen yo vize ni mobil moun yo genyen ni aksyon yo. Men sa Jezi te di: “Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.” (Matye 22:39). Natirèlman, Bondye ki gen pouvwa pou l li nan kè moun ka fè aplike kòmandman sa yo. — 1 Samyèl 16:7.

5. MOBIL

PWOBLÈM NAN: Pi gwo defo ki pouse moun fè koripsyon se avidite ak egoyis. Byen souvan, gwo fonksyonè nan gouvènman yo ak sitwayen yo gen defo sa yo. Nan atik ki vin anvan an, nou te pale konsènan yon gwo magazen nan Sewoul ki te efondre. Gwo fonksyonè nan gouvènman an te aksepte lajan anba anba nan men moun ki nan konpayi ki te gen kontra pou fè konstriksyon an. Moun sa yo te konnen yo t ap depanse mwens kòb si yo te bay fonksyonè yo lajan anba anba olye yo te sèvi ak bon materyo epi ak bon metòd konstriksyon.

Kidonk, pou lèzòm rive elimine koripsyon, yo dwe aprann fason pou yo venk kèk defo ki byen anrasinen nan yo tankou avidite ak egoyis. Sepandan, gouvènman lèzòm yo pa gen ni volonte ni kapasite pou yo reyalize yon pwogram fòmasyon konsa.

SOLISYON AN: Wayòm Bondye a atake pwoblèm koripsyon an nan rasin li lè l anseye moun yo fason pou yo venk move tandans ki pouse yo fè koripsyon *. Fòmasyon sa a ede moun yo ‘renouvle mantalite k ap domine nan yo a’. (Efezyen 4:23.) Nan plas avidite ak egoyis yo gen nan yo, yo aprann kontante ak sa yo genyen e yo aprann enterese nan lòt moun. — Filipyen 2:4; 1 Timote 6:6.

6. MOUN Y AP DIRIJE YO

PWOBLÈM NAN: Gen kèk moun k ap chwazi pou yo pa onèt e y ap kòwonpi menm lè yo ta nan pi bon anviwònman ki ta genyen e menm lè yo ta resevwa pi bon edikasyon ki ta ka genyen. Espesyalis yo admèt se rezon sa ki fè gouvènman lèzòm yo pa ka elimine koripsyon. Pi gwo bagay gouvènman yo ta swete se diminye koripsyon epi limite move konsekans sa genyen.

SOLISYON AN: Konvansyon Nasyonzini kont koripsyon fè konnen pou gouvènman yo rive konbat koripsyon, yo dwe fè pwomosyon pou “entegrite, onètete ak responsablite”. Byenke se yon bon objektif sa ye, Wayòm Bondye a fè plis pase annik fè pwomosyon pou kalite sa yo, li mande pou moun ki pral viv anba dominasyon l yo gen kalite sa yo. Bib la di “moun ki ava” ak “moun k ap bay manti” pap eritye Wayòm nan. — 1 Korentyen 6:9-11; Revelasyon 21:8.

Menm jan ak premye kretyen yo, moun yo ka aprann obeyi prensip moral wo nivo sa yo. Pa egzanp, lè yon disip ki rele Simon t ap eseye achte pouvwa lespri sen bay nan men apot yo, yo te refize lajan sa a e yo te di l: “Se pou w repanti pou move bagay sa a ou fè a.” Yonfwa Simon te wè danje move dezi l genyen an reprezante, li te mande apot yo pou yo priye pou li pou l ka venk li. — Travay 8:18-24.

SA W KA FÈ POU W VIV ANBA DOMINASYON WAYÒM NAN

Kèlkeswa nasyonalite w, ou gen opòtinite pou w viv anba dominasyon Wayòm Bondye a (Travay 10:34, 35). Pwogram fòmasyon Wayòm nan mete sou pye a, yon pwogram ki disponib toupatou sou tè a, ap montre w fason pou w fè sa. Temwen Jewova yo ap kontan montre w fason yo fè yon etid biblik gratis ak moun yo lakay yo. Sa ka pran pou pi piti dis minit pa semèn. Pami bagay y ap montre w, w ap aprann plis bagay sou “bon nouvèl wayòm Bondye a”, e y ap montre w fason li pral elimine gouvènman kòwonpi yo (Lik 4:43). Nou envite w pran kontak ak Temwen ki nan zòn bò lakay ou oubyen ale sou sit jw.org/ht a.

Èske w ta renmen fè yon etid biblik gratis lakay ou?

^ § 8 Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.

^ § 22 Pa egzanp, gade atik “Peut-on être honnête dans un monde corrompu?” ki nan Toudegad 1ye oktòb 2012 (fransè).