Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | YON GOUVÈNMAN KI PA GEN KORIPSYON

Koripsyon se yon pwazon nan gouvènman yo

Koripsyon se yon pwazon nan gouvènman yo

Yo di yon gouvènman gen koripsyon lè moun nan gouvènman an sèvi ak pouvwa Leta ba yo nan enterè pèsonèl yo. Pwoblèm sa a egziste depi byen lontan nan listwa lèzòm. Pa egzanp, nan Bib la, gen yon lwa ki entèdi moun pran lajan anba anba nan tribinal, sa montre se yon sitiyasyon moun te deja byen konnen sa gen plis pase 3 500 an (Egzòd 23:8). Natirèlman, koripsyon vle di plis pase annik aksepte lajan anba anba. Pafwa, fonksyonè Leta ki kòwonpi vòlè byen Leta, yo pwofite yon seri sèvis yo pa gen dwa genyen, oswa yo menm vòlè lajan Leta. Anplis de sa, yo ka sèvi ak pozisyon yo genyen pou yo favorize zanmi yo oswa fanmi yo yon fason ki pa jis.

Byenke ka gen koripsyon nan kèlkeswa òganizasyon lèzòm genyen, sanble se nan gouvènman yo koripsyon an pi mal. Nan ane 2013, nan yon rapò Transparency International te pibliye ki rele Bawomèt mondyal sou koripsyon (anglè), li te fè konnen selon opinyon moun toupatou nan monn nan senk enstitisyon ki gen plis koripsyon yo se pati politik, lapolis, fonksyon piblik, lachanm ak lajistis. Annou jis egzamine kèk rapò ki montre sa.

  • AFRIK: Nan ane 2013, ann Afrik disid, gen anviwon 22 000 fonksyonè Leta yo te akize pou move konduit yo te genyen paske yo te mele nan aktivite ki pa legal.

  • AMERIK: Nan ane 2012, nan peyi Brezil, yo te kondane 25 moun paske yo te itilize lajan Leta pou yo achte moun pou soutni yo nan domèn politik. Pami moun yo te kondane yo te gen ansyen chèf kabinè prezidan an ki se dezyèm moun ki pi pisan nan tout peyi a.

  • AZI: Nan ane 1995, nan Sewoul ki nan Kore disid, te gen 502 moun ki mouri nan yon gwo magazen ki efondre. Moun ki t ap mennen ankèt yo te remake fonksyonè Leta ki nan vil sa a te resevwa lajan anba anba nan men konpayi ki te gen kontra pou fè bilding nan pou yo te ka kite yo sèvi ak beton ki pa konfòm ak prensip konstriksyon yo, konsa yo te vyole lwa sou sekirite yo.

  • EWÒP: Cecilia Malmström, komisè ewopeyen ki okipe afè enteryè a, fè konnen, “jan pwoblèm [koripsyon] an gaye ann Ewòp se yon bagay ki bay kè kase”. Li te ajoute: “Sanble volonte moun yo ta dwe genyen nan domèn politik pou pèmèt yo derasinen koripsyon an pa egziste vre.”

Koripsyon se yon bagay ki byen anrasinen nan gouvènman yo. Pwofesè Susan Rose-Ackerman, yon espesyalis nan kesyon konbat koripsyon, te ekri pou gen yon refòm sa mande pou gen “gwo chanjman nan fason gouvènman yo fonksyone”. Byenke sitiyasyon an sanble sanzespwa, Bib la montre nonsèlman li posib pou gen gwo chanjman, men tou, se sèten pral gen gwo chanjman.