Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LEKTÈ NOU YO TA RENMEN KONNEN

Èske se vre fèt Pak se yon fèt kretyen dwe selebre?

Èske se vre fèt Pak se yon fèt kretyen dwe selebre?

Nan yon ansiklopedi, yo dekri fèt Pak kòm “fèt prensipal legliz kretyèn nan genyen ki selebre rezirèksyon Jezi Kris”. (Encyclopædia Britannica.) Sepandan, èske se yon fèt kretyen dwe selebre?

Pou yo ka konnen si travay yon atis otantik, li trèzenpòtan pou yo egzamine detay yo. Menm jan an tou, pou n ka konnen si fèt Pak se yon fèt kretyen dwe selebre, li enpòtan pou n egzamine detay ki gen rapò ak fèt sa a.

Toudabò, Jezi pa t mande disip li yo komemore rezirèksyon l, men pito, li te mande yo komemore lanmò l. Apot Pòl te rele evènman sa a “Soupe Seyè a”. — 1 Korentyen 11:20; Lik 22:19, 20.

Mete sou sa, jan ansiklopedi Britannica a fè konn sa, “anpil nan tradisyon moun yo suiv lè fèt Pak la prèske pa gen rapò ak rezirèksyon Jezi, men yo soti nan koutim moun yo genyen”. Pa egzanp, konsènan senbòl popilè moun yo itilize lè fèt Pak la, anpalan de ze ak lapen, men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Ze a senbolize nouvo lavi ti bèt k ap chèche soti nan ze a lè po ze a kase, sa vle di lanmò pou po ze a (ki di).” Men sa ansiklopedi a ajoute: “Yo te konsidere lapen an kòm yon bèt ki fè anpil pitit, e konsa li te reprezante sezon prentan an k ap vini.” — The Encyclopedia of Religion.

Philippe Walter, yon pwofesè literati sou mwayennaj la, esplike fason koutim sa yo te antre nan fèt Pak la. Li te fè konnen “nan pwosesis pou fè relijyon payen yo aksepte Krisyanis lan”, yo rele sa krisyanizasyon, li te fasil pou yo asosye fèt payen yo te konn fè kote yo t ap selebre “sezon ivè a ki fini tankou se lanmò pou rive nan sezon prentan an ki kòmanse tankou se yon vi ki fèk parèt” ak rezirèksyon Jezi. Apre sa, Walter di se te yon etap enpòtan pou entwodui “fèt kretyen” yo te konn fè yo nan kalandriye payen yo, konsa, li te vin fasil pou yo fè anpil moun konvèti.

Pwosesis “krisyanizasyon” sa a pa t fèt nan epòk apot yo te vivan toujou, paske yo te reprezante yon “obstak” pou doktrin payen yo (2 Tesalonisyen 2:7). Apot Pòl te avèti kretyen yo, apre l “fin ale”, ap gen yon seri mesye k ap “leve [...], y ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo”. (Travay 20:29, 30.) Epi nan fen premye syèk la, apot Jan te ekri gen kèk mesye ki te gentan ap twonpe kretyen yo (1 Jan 2:18, 26). Chemen an te ouvè pou yo adopte koutim payen yo.

“Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan, piske jouk sa a t ap miwomiba.” — 2 Korentyen 6:14.

Sepandan, gen kèk moun ki ka panse se pa t yon bagay ki mal lefètke moun yo te adopte kèk nan koutim fèt Pak yo, sa te pèmèt “payen” yo pi byen konprann siyifikasyon rezirèksyon Jezi a. Sepandan, Pòl pa t ap janm dakò ak yon bagay konsa. Byenke li te pran kontak ak anpil nan koutim payen yo pandan vwayaj li te fè nan tèritwa Anpi women an, li pa t janm adopte okenn nan koutim sa yo pou l ede moun yo pi byen konprann Jezi. Okontrè, men avètisman li te bay kretyen yo: “Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan, piske jouk sa a t ap miwomiba. Paske, ki relasyon ki genyen ant sa ki jis ak sa lalwa kondane? Oubyen ki rapò ki genyen ant limyè ak fènwa? ‘Se poutèt sa, soti nan mitan yo, mete nou apa’, se sa Jewova di, ‘e sispann manyen bagay ki pa pwòp la.’” — 2 Korentyen 6:14, 17.

Ki rezilta ti egzamen nou sot fè sou detay sa yo bay? Yon fason klè, sa montre fèt Pak se pa yon fèt kretyen dwe selebre.