Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Twa kesyon ki chanje lavi m

Twa kesyon ki chanje lavi m
  • ANE LI FÈT: 1949

  • PEYI KOTE LI SOTI: ETAZINI

  • ANVAN: LI T AP CHÈCHE SANS LAVI A

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen grandi nan yon ti vil ki rele Ankram, ki nan nò Eta Nouyòk, Ozetazini. Se fèm kote yo gade bèt ki pwodui lèt ki te gen plis nan zòn nan. Anfèt, vil la te gen plis bèf pase moun.

Se yon sèl legliz ki te gen nan zòn nan, se ladan l fanmi m te konn mache. Yon dimanch maten, granpè m t ap netwaye soulye m, epi apre sa, mwen t apral nan lekòl di dimanch ak yon ti Bib blan grann mwen te ban mwen. Yo te aprann mwen menm ak ti frè m ak ti sè m pou nou travay di, pou nou respekte vwazinaj, pou nou ede yo e pou nou rekonesan pou benediksyon nou jwenn.

Lè m vin gran, mwen te demenaje e mwen te vin pwofesè. Mwen te gen anpil kesyon sou Bondye ak sou lavi. Gen kèk nan elèv mwen yo ki te gen anpil talan. Gen lòt ki pa t gen anpil talan men yo te konn travay di. Gen lòt ki te andikape, tandiske genyen ki te gen bon fizik. Mwen te santi sitiyasyon an pa jis. Pafwa paran timoun ki pa t gen gwo mwayen yo konn di pawòl tankou: “Se konsa Bondye te vle pou pitit mwen an ye.” Mwen te konn ap mande tèt mwen poukisa Bondye kite kèk tibebe fèt andikape. Dayè tibebe yo pa fè okenn move bagay.

Mete sou sa, mwen te konn ap mande: “Ki bagay enpòtan m te sipoze fè ak lavi m.” Mwen te santi lavi m ap pase byen vit. Mwen te grandi nan yon bèl fanmi. Mwen t al nan bon lekòl, e kounye a m ap fè yon travay mwen renmen. Men, sanble pa gen okenn bagay enteresan ki pral rive nan lavi m apre sa. Omwen, m te gen espwa yon jou m ap marye, m ap gen yon bèl kay, m ap fè pitit, epi m ap kontinye travay jiskaske m pran retrèt. Epi finalman, mwen prale nan yon mezon retrèt. Mwen t ap mande tèt mwen si pa gen yon bagay ki pi bon nan lavi a.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Pandan yon ete, mwen t al vizite Ewòp ansanm ak kèk pwofesè. Nou t ale plizyè kote tankou: nan legliz abbaye de Westminster, nan katedral Notre Dame de Paris, nan Vatikan, e nou te vizite anpil ti legliz. Tout kote m te pase, mwen te poze moun kesyon m yo. Apre m te fin tounen lakay mwen nan Sloatsburg, ki nan Nouyòk, mwen t al vizite yon pakèt legliz. Men, pa t gen yon moun nan legliz sa yo ki te ban m yon repons ki te satisfè m.

Yon jou, gen yon elèv, yon tifi ki gen 12 an, ki te vin kote m e li te poze m twa kesyon. Premyèman, li te di m si m te konnen li se Temwen Jewova. Mwen reponn li wi. Dezyèmman li mande m si m ta renmen konn plis bagay sou Temwen Jewova yo. Yon lòt fwa ankò mwen reponn li wi. Twazyèmman, li mande m ki kote m rete. Lè m ba l adrès mwen ni li menm ni mwen menm vin aprann se toupre lakay fanmi l mwen rete. Mwen pa t ka imajine jan twa kesyon sa yo yon tifi te poze m t apral chanje lavi m nèt.

Yon ti tan apre, li vin lakay la sou yon bisiklèt epi Ii kòmanse etidye Labib avè m. Mwen te poze l kesyon m te poze plizyè chèf relijye yo. Kontrèman ak yo, li te sèvi ak bib mwen an pou l montre m repons klè Bib la bay pou kesyon m yo e mwen te satisfè, pyès moun potko janm ban m repons sa yo anvan sa!

Sa mwen te aprann nan Bib la te fè m vin gen lajwa ak satisfaksyon. Sa m te li nan 1 Jan 5:19 la te touche m anpil. Li di: “Nou konnen se nan Bondye nou soti, men lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” Mwen te soulaje lè m te aprann se pa Bondye ki lakòz tout pwoblèm ki gen nan monn nan men se Satan epi talè konsa Bondye pral rezoud pwoblèm yo (Revelasyon 21:3, 4). Mwen te vin rann mwen kont sa Bib la di yo gen sans lè yo byen esplike moun yo. Malgre Temwen ki t ap etidye avè m nan te gen 12 an sèlman, mwen te rann mwen kont laverite se laverite kèlkeswa moun ki di l la.

Malgre tou, mwen te bezwen wè si Temwen Jewova yo pratike sa y ap preche a. Pa egzanp, tipitit la te mete aksan sou pwen sa a: vrè kretyen yo demontre yon seri kalite tankou pasyans ak bonte (Galat 5:22, 23). Mwen te deside m ap teste ti sè a pou m ka wè si l demontre kalite sa yo. Yon jou, mwen te deside rive anreta pou etid la. Mwen t ap mande tèt mwen: “Èske l ap ret tann mwen? Si l ret tann mwen èske l ap fache paske mwen rive anreta?” Pandan m ap kondui pou m al kanpe nan ale a, mwen wè li kanpe devan lakay la l ap tann mwen. Lè l wè m li kouri vin bò machin nan li di m: “Se ale mwen t aprale kot manman m pou m di l nou dwe rele lopital ak lapolis pou n ka konnen si w pa gen yon pwoblèm paske ou pa janm anreta nan etid la. Mwen te enkyè pou ou!”

Yon lòt fwa, mwen poze l yon kesyon mwen konnen ki twò difisil pou yon timoun 12 an reponn. Mwen te bezwen wè si l ap annik fabrike yon repons pou l ban mwen. Lè m poze l kesyon an, li gade m byen serye epi li di m: “Kesyon sa a difisil. M ap ekri l pou m ka mande paran m.” Se sèten, pwochèn fwa li tounen, li te vini ak yon Toudegad ki reponn kesyon an. Se pou rezon sa a Temwen yo te atire m, paske piblikasyon yo genyen yo bay repons ki baze sou Bib la pou tout kesyon mwen genyen. Mwen te kontinye etidye ak tipitit la, epi apre yon ane, mwen te batize, mwen te vin Temwen Jewova *.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Yon fwa mwen te fin jwenn repons ki satisfè m pou kesyon m yo, mwen te vle pataje yo ak tout moun (Matye 12:35). Pou kòmanse, fanmi m te opoze ak nouvo kwayans mwen te vin genyen yo. Men avèk letan yo te vin gen yon atitid ki adousi. Lè manman m te rive nan fen lavi l li te kòmanse etidye Labib. Malgre li pa t viv ase lontan pou l te batize, mwen sèten li te pran desizyon pou l sèvi Jewova.

An 1978, mwen te marye ak yon Temwen ki rele Elias Kazan. An 1981, yo te envite Elias avè m vin manm fanmi Betèl Etazini an *. Malerezman, apre katran sèlman nan Betèl la, Elias te mouri. Byenke mwen te vèv, mwen te rete nan asiyasyon m nan Betèl la, sa te fè m gen yon bagay enpòtan pou m konsantre lespri m e sa te ban mwen yon sèten rekonfò.

An 2006, mwen te marye ak Richard Eldred, yon manm nan fanmi Betèl la. Richard ak mwen kontinye renmen privilèj nou genyen pou nou sèvi nan Betèl la. Lefètke mwen konnen laverite sou Bondye, mwen vrèman kwè se pa repons kesyon m te genyen yo sèlman mwen jwenn, men tou mwen jwenn vrè bi lavi a e tout sa te kòmanse ak twa kesyon yon tifi te poze m.

^ § 16 Antou, tifi a ansanm ak gran frè l ak gran sè l te etidye Labib ak senk nan pwofesè yo e pwofesè sa yo te kòmanse sèvi Jewova.

^ § 18 Mo “Betèl” la vle di “Kay Bondye”, se mo sa a Temwen Jewova yo itilize pou yo rele lokal kote filyal yo ye toupatou sou tè a (Jenèz 28:17, 19, nòt). Manm fanmi Betèl yo fè divès kalite travay pou yo soutni travay ansèyman Temwen Jewova yo ap fè.