Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | FASON POU NOU FÈ FAS AK ENKYETID NOU GENYEN

Enkyetid nou genyen akoz pwoblèm fanmi

Enkyetid nou genyen akoz pwoblèm fanmi

Men sa Janet te fè konnen: “Yon ti tan apre lanmò papa m, mari m di m li wè yon lòt fi, kèk tan apre li pran tout afè l nan pandri a, san l pa di m anyen ankò ni li pa menm di m orevwa, l ale e li kite m ak de timoun.” Janet te jwenn yon travay, men kòb li t ap touche a pa t ase pou l te kontinye peye kay li te ye a. Se pa t pwoblèm ekonomik sèlman li te genyen, te gen lòt bagay k ap enkyete l toujou. Men sa l di: “Gwo enkyetid m te genyen akoz tout nouvo responsablite sa yo m te dwe jere poukont mwen kounye a te twòp pou mwen. Mwen te santi m koupab dèske mwen pa t ka bay pitit mwen yo tout sa yo bezwen menm jan lòt paran yo fè sa. Jis kounye a, m ap enkyete m konsènan fason lòt moun wè m ak fason yo wè pitit mwen yo. Èske yo pap mande tèt yo si m te fè tout sa m te dwe fè pou m pwoteje maryaj mwen?”

Janet

Grasa lapriyè Janet te rive kontwole santiman ki t ap travèse l yo epi li te fè efò pou l toujou gen bon relasyon ak Bondye. “Bagay yo te pi difisil pou mwen lannuit nan moman kote tout bagay kalm epi enkyetid te anvayi m. Lefètke m te priye e m te li Labib, sa te ede m pou m te ka dòmi. Yon vèsè m renmen anpil se Filipyen 4:6, 7 ki di: ‘Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman; e lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou.’ Mwen te priye Jewova pandan plizyè nuit e mwen te santi lapè l bay la konsole m.”

Pawòl Jezi te di nan Sèmon sou montay la konsènan lapriyè, yon pawòl ki ban nou asirans, ka ede nou fè fas ak tout kalite enkyetid. Men sa l te di: “Papa nou konnen ki sa nou bezwen anvan menm nou mande l.” (Matye 6:8). E nou dwe mande l sa nou bezwen. Lapriyè se prensipal mwayen nou genyen pou nou ka “pwoche bò kote Bondye”. Ki rezilta n ap jwenn lè n fè sa? ‘Bondye ap pwoche bò kote nou.’ — Jak 4:8.

Wi, lapriyè fè plis pase annik fè nou santi nou byen lè nou eksprime enkyetid nou. Anplis de sa, Jewova, ‘Bondye ki tande priyè a’, aji an favè moun k ap chèche l ak lafwa (Sòm 65:2). Se sa k fè Jezi te anseye disip li yo pou yo “toujou priye e pou yo pa lage sa”. (Lik 18:1.) Nou dwe kontinye mande Bondye direksyon l ak èd li toutpandan nou gen konfyans l ap rekonpanse n pou lafwa nou. Nou pa dwe janm gen dout sou kapasite ak volonte Bondye genyen pou l aji. Konsa, lè nou “priye toutan” sa montre nou gen bonjan lafwa nan li. — 1 Tesalonisyen 5:17.

LÈ YON MOUN GEN LAFWA, SA SA VLE DI TOUTBONVRE?

Men ki sa lafwa ye vre? Lafwa vle di “aprann konnen” Bondye antanke yon pèsòn (Jan 17:3). Toudabò, nou fè sa lè nou sèvi ak Bib la pou nou ka chèche gen panse Bondye. Bib la aprann nou Bondye wè nou chak e li vle ede nou. Sepandan, vrè lafwa a vle di plis pase annik konnen kèk enfòmasyon sou Bondye. Sa mande pou nou gen bon amitye ak Bondye e pou nou gen pwofon respè pou li tou. Nou pa ka vin zanmi yon moun nan yon sèl nuit, se menm bagay la tou pou Bondye. Tank n ap aprann konnen l, n ap “fè sa ki fè l plezi” e nou wè jan l ede nou toutbon se tank lafwa nou ap ‘kontinye ogmante’. (2 Korentyen 10:15; Jan 8:29.) Se kalite lafwa sa a ki te ede Janèt fè fas ak enkyetid li yo.

Men sa Janèt di: “Sa ki te vrèman bati lafwa m se paske m te wè men Jewova nan tout sa m ap fè nan lavi m. Plizyè fwa mwen te fè fas ak enjistis ki te sanble difisil pou m sipòte. Grasa anpil lapriyè, Jewova te toujou kreye yon mwayen pou nou soti nan sitiyasyon kote mwen pa t ap ka fè anyen poukont mwen. Chak fwa m di l mèsi, sa fè m sonje tout sa li fè pou mwen. Li toujou ede nou nan moman ki apwopriye a e byen souvan li fè sa jis atan. E li ban mwen vrè zanmi fi kou gason ki se bon kretyen. Yo toujou la pou mwen e yo se bon egzanp pou pitit mwen yo *.”

“Mwen konprann poukisa Jewova di nan Malaki 2:16 (NW) ‘li rayi divòs’. Se pi gwo trayizon sa ye pou yon konjwen ki inosan. Plizyè ane gentan pase depi mari m kite m, men pafwa mwen toujou santi m poukont mwen e m santi m pa vo anyen. Lè konsa, mwen eseye fè kèk bagay pou m ede lòt moun e sa toujou ede m tou.” Konsa, Janet te vin enkyete l mwens lè li te aplike prensip biblik ki mande pou l pa izole tèt li *. — Pwovèb 18:1.

Bondye se “yon papa pou timoun ki pa gen papa yo e se li ki pwoteje vèv yo”. — Sòm 68:5, NW.

Men sa Janet di: “Pi gwo rekonfò m genyen se lefètke m konnen Bondye se ‘yon papa pou timoun ki pa gen papa yo e se li ki pwoteje vèv yo’. Li pap janm abandone nou jan mari m te fè sa.” (Sòm 68:5, NW). Janet konnen Bondye pa pase nou anba eprèv “ak bagay ki mal”. Okontrè, avèk jenewozite, Bondye bay “tout moun” sajès e li ban nou ‘pisans ki depase pisans nòmal la’ pou ede nou fè fas ak enkyetid nou yo. — Jak 1:5, 13; 2 Korentyen 4:7.

Bon, e si se paske lavi nou an danje ki fè nou gen enkyetid?

^ § 10 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason pratik ou ka fè fas ak enkyetid, gade nan seri atik ki gen tit: “Êtes-vous maître de votre vie?”, ki nan Réveillez-vous! jiyè 2015 lan, li sou sit Entènèt www.mt1130.com la tou.