Al gade sa k anndan l

Ki sa kwonoloji ki nan Bib la fè konprann konsènan ane 1914 la?

Ki sa kwonoloji ki nan Bib la fè konprann konsènan ane 1914 la?

Repons Bib la bay

 Kwonoloji Bib la montre Wayòm Bondye a tabli nan syèl la an 1914. Se pwofesi ki nan liv Dànyèl la, nan chapit 4 la, ki montre sa.

 Ide jeneral sou pwofesi a. Bondye te fè Nebikadneza, wa Babilòn nan, fè yon rèv konsènan yon gwo pyebwa yo te koupe. Yo te anpeche chouk la pouse pandan yon peryòd “sèt tan”, e apre peryòd sa a pyebwa a t ap repouse ankò. — Dànyèl 4:1, 10-16.

 Premye akonplisman pwofesi a. Gwo pyebwa a te reprezante wa Nebikadneza (Dànyèl 4:20-22). Nan yon sans, yo te “koupe” l lè l te pèdi tèt li e l te sispann dirije pandan setan (Dànyèl 4:25). Lè Bondye te fè Nebikadneza tounen nan bonsans li ankò, Nebikadneza te retounen wa ankò e l te rekonèt Bondye gen dwa dirije. — Dànyèl 4:34-36.

 Prèv ki montre pwofesi a gen yon pi gwo akonplisman. Objektif prensipal pwofesi a se te pou “moun k ap viv yo ka konnen se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ki Chèf nan wayòm lèzòm nan e li bay moun li vle l. Se moun ki pi ba nèt pami lèzòm nan li met dirije l”. (Dànyèl 4:17.) Èske se Nebikadneza Bondye te vle mete dirije wayòm sa a? Non, paske Bondye te gentan fè Nebikadneza fè yon lòt rèv ki se yon pwofesi ki montre se pa ni li menm ni okenn lòt dirijan politik ki t ap gen wòl sa a. Men, Bondye t ap gen pou l “tabli yon wayòm ki pap janm kraze”. — Dànyèl 2:31-44.

 Anvan sa, Bondye te mete yon wayòm ki reprezante l sou tè a, anpalan de nasyon Izrayèl tan lontan an. Bondye te pèmèt yo “fini” ak wayòm sa a paske moun ki t ap dirije yo pa t fidèl, men li te deja fè konnen se “moun ki gen dwa legal la” li t ap mete wa (Ezekyèl 21:25-27). Labib idantifye Jezi Kris kòm moun ki gen dwa legal pou l dirije wayòm sa a k ap la pou toutan (Lik 1:30-33). Kontrèman ak Nebikadneza, Jezi li menm se yon moun ki “gen imilite nan kè [l]” jan pwofesi a te fè konn sa. — Matye 11:29.

 Ki sa pyebwa ki nan Dànyèl chapit 4 la reprezante? Nan Bib la, pafwa pyebwa yo reprezante dirije moun ap dirije (Ezekyèl 17:22-24; 31:2-5). Nan Dànyèl chapit 4 la, nan pi gwo akonplisman pwofesi a, gwo pyebwa a reprezante dominasyon Bondye.

 Ki sa koupe yo koupe pyebwa a vle di? Menm jan koupe yo te koupe pyebwa a te vle di Nebikadneza t ap sispann dirije pandan yon tan, se konsa tou sa vle di dominasyon Bondye t ap sispann sou tè a pandan yon tan. Sa te rive lè Nebikadneza te detwi Jerizalèm, vil kote wa Izrayèl yo te “chita sou twòn Jewova a” antanke reprezantan Bondye. — 1 Kwonik 29:23.

 Ki sa “sèt tan” yo reprezante? “Sèt tan” yo reprezante peryòd kote Bondye kite nasyon yo dirije sou tè a san li menm li pa mete okenn dirijan pa l. “Sèt tan” yo te kòmanse ann oktòb 607 anvan epòk nou an lè moun Babilòn yo te detwi Jerizalèm, selon kwonoloji ki nan Bib la. a — 2 Wa 25:1, 8-10.

 Konbyen tan “sèt tan” yo dire? Yo pa kapab reprezante setan jan sa te ye nan ka Nebikadneza a. Jezi te bay repons lan lè l te di “nasyon yo pral pilonnen Jerizalèm [ki te reprezante dominasyon Bondye sou tè a] anba pye jiskaske tan ki fikse pou nasyon yo fini”. (Lik 21:24.) “Tan ki fikse pou nasyon yo”, sa vle di peryòd kote Bondye te pèmèt “nasyon yo pilonnen” dominasyon l lan, se menm bagay ak “sèt tan” ki nan Dànyèl chapit 4 la. Sa vle di peryòd “sèt tan” yo potko fini lè Jezi te sou tè a.

 Labib ban nou fason pou n detèmine kantite tan “sèt tan” yo dire. Li di twa “tan” edmi egal 1 260 jou, donk “sèt tan” se de fwa kantite sa a ki vin bay 2 520 jou (Revelasyon 12:6, 14). Lè nou aplike règ konsènan pwofesi yo ki se “yon jou pou yon ane”, nou vin konprann 2 520 jou reprezante 2 520 an. Nan ka sa a, “sèt tan” yo oswa 2 520 an an t ap fini nan mwa oktòb 1914. — Nonb 14:34; Ezekyèl 4:6.

a Pou w pi byen konprann sa k fè se 607 anvan epòk nou an yo di, gade atik “Quand l’ancienne Jérusalem a-t-elle été détruite ? — Première partie” nan Toudegad 1ye oktòb 2011 (fransè), paj 26-31 ak atik “Quand l’ancienne Jérusalem a-t-elle été détruite ? — Deuxième partie” nan Toudegad 1ye novanm 2011 (fransè), paj 22-28.